Benefis Asistans Reyanplwa, ke yo osi rele konpansasyon chomaj, bay benefis ranplasman salè tanporè pou moun ki kalifye ki pap travay san se pa fòt yo. Moun Florid ki bezwen ranpli yon reklamasyon pou benefis Asistans Reyanplwa ka fè sa sou Entènèt nan sistèm CONNECT la.
Reklaman ki pa janm ranpli pou benefis Asistans Reyanplwa nan Eta Florid, oswa ki pa gen aksè nan kont Asistans Reyanplwa yo depi 1ye septanm 2021, dwe kreye yon nouvo koneksyon pou kont Asistans Reyanplwa. Yo dwe konplete yon pwosesis otantifikasyon milti-faktè pou jwenn aksè nan kont Asistans Reyanplwa yo. Pou plis enfòmasyon ak yon apèsi etap-pa-etap sou pwosesis otantifikasyon milti-faktè a, tanpri al gade Gid pou Jwenn Aksè nan Kont Asistans Reyanplwa w la.
Anvan w depoze yon reklamasyon, asire ou gen enfòmasyon sa yo disponib:
- Nimewo Sekirite Sosyal
- Lisans chofè oswa nimewo idantite Eta a
- Kote w te travay ou pou 18 dènye mwa yo, wap mete pou chak travay:
- Non, adrès, ak nimewo telefòn
- Premye ak dènye jou w te travay
- Salè brit (anvan yo te retire taks) pandan dat ki endike yo
- Rezon pou separasyon an
- FEIN (wap jwenn enfòmasyon sa sou nenpòt fòm taks W2 oswa 1099 ou te resevwa)
- Si ou pa gen FEIN nan, ou ka itilize detay patwon yo ki sou yon dènye chèk ou
- Reklamasyon ki depoze san enfòmasyon kòrèk anplwayè yo ka retade. Li enpòtan pou w bay lis enfòmasyon kòrèk sou tout kote w tap travay lè w ap ranpli reklamasyon w la. Si ou pa fè sa, benefis ou yo ka retade pandan yap chèche jwenn enfòmasyon sou kote w te travay la ki manke yo.
Anplis de sa, si ou se youn nan moun ki annapre yo, asire ke ou gen enfòmasyon sa yo
- Pa yon sitwayen Ameriken: Nimewo Alyen Kat ou oswa lòt fòm otorizasyon pou travay
- Militè Anplwaye: DD-214 Manm 2, 3, 4, 5, 6, 7, oswa 8 kapab itilize
- Federal Anplwaye: SF 8 oswa SF 50
- Manm Inyon: non sendika, nimewo sal, ak nimewo telefòn
Yon fwa ou fin ranpli aplikasyon ou an, ou pral oblije konplete bagay sa yo:
- Enskri pou travay nan Employ Florida la
- Revize Detèminasyon Monetè ou
- Kenbe yon dosye sou kontak travay yo pou chak semèn epi fè demann benefis yo chak de semen
- Revize paj Bwat Resepsyon Moun K'ap Reklame nan CONNECT pou konplete kesyonè ki louvri yo epi revise nenpòt mesaj ki enpòtan sou kont ou
Tanpri revize Fason pou Evite Pwoblèm nan Reklamasyon pou Asistans Reyanplwa pou plis enfòmasyon sou etap ou ka pran pou ede w evite pwoblèm ak reklamasyon w lan.
Ou ka egzante pou ranpli yon aplikasyon sou entènèt ak / oswa obligatwa pou fè enskripsyon travay la. Tanpri revize Avi pou Ekzanpsyon an pou plis enfòmasyon