Asistans Reyanbochaj Vòl Idantite
Vòl Idantite ogmante nan tou de sektè yo prive ak piblik la. Vòl Idantite rive lè yon moun sèvi ak enfòmasyon yon lòt moun pou li kapab pran idantite li. Vòl Idantite ka gen ladan salè ak enfòmasyon travay oubyen kat kredi ak fwod pa lapòs. Nan ka Benefis Asistans Reyanbochaj, li ka vle di itilize enfòmasyon yon lòt moun tankou non, Nimewo Sekirite Sosyal ak enfòmasyon sou travay li.
Vòl Idantite souvan dekouvri lè:
• Viktim lan eseye ranpli yon reklamasyon Asistans Reyanbochaj epi yon lòt te deja egziste pou li.
• Viktim lan resevwa yon deklarasyon ki soti nan IRS pou benefis li te resevwa (Fòm 1099G) nan pwogram Asistans Reyanbochaj la.
• Taks federal viktim lan oswa taks sou revni eta a entèsepte.
• Yo te notifye Anplwayè viktim lan ke yon reklamasyon pou benefis te ranpli pandan viktim lan ap travay la.
• Demann pou enfòmasyon nan Asistans Reyanbouchaj Chomaj.
• Lèt soti nan IRS ki di ou pa te rapòte tout benefis ou sipoze te resevwa yo.
Rapòte Vòl Idantite pou Asistans Reyanbochaj Chomaj
Si ou ta kwè ou se yon viktim sou vòl idantite Asistans Reyanbochaj, li enpòtan pou ou rapòte sa imedyatman epi ou ta bezwen pran plis aksyon pou ou anpeche yo pa ilize enfòmasyon ou ankò.
Si ou se yon anplwayè epi ou gen yon anplwaye ki viktim nan vòl idantite Asistans Reyanbochaj, tanpri rele 1-833-352-7759.
Resous
- Fòm pou Afidavi ki ateste Falsifikatè
- Fòm pou ka sispann Demann pou Kredi