Sa ou dwe Tann apre ou Depoze yon Apèl
Nòmalman, odyans apèl la pral fèt sou telefòn ak tout pati yo ki ta dwe patisipe sou yon apèl konferans. Apre ou fè demann pou yon apèl sa yo kapab rive:
- Ou pral resevwa yon Avi sou Odyans la. Sa a genyen dat, tan ak kontak enfòmasyon pou odyans ki pwograme a. Rele davans pou nenpòt koreksyon nesesè oswa nenpòt akomodasyon espesyal nan akò ak lwa Ameriken Andikape yo. Mwen rate apel odyans mwen an, ki sa pou mwen fè? Ou dwe soumèt yon demann pou ka fè yon lòt apèl odyans ou gen pou bay yon bon rezon poukisa ou té manke odyans ou a. Ou ka voye demann sa pa lapòs oswa faks DEO_A200, osi byen nan CONNECT menm jan ou té ranpli premye apèl la.
- Yo pral kontakte ou nan dat ki te pwograme pou ou a. Abit apèl la pral mete an konferans tout pati yo ki sipoze patisipe nan odyans sa.
- Abit Apèl la asiyen nan ka a pral: dosye odyans la, eksplike bi pou odyans la ak apèl pwosedi yo, fè konnen tout sa ki sou dosye ka a, mete tout temwen sou sèman oswa afimasyon, kesyone pati yo ak temwen yo pou jwenn reyalite, ede pati yo pou kesyone temwen yo, epi detèmine si temwayaj ak dokiman dwe resevwa e konsidere.
- Ou pral resevwa Desizyon Apèl la. Yo pral voye desizyon an bay tout pati yo pi vit ke posib apre odyans lan. Desizyon an ap genyen ladan konstatasyon ki te reyalite, konklizyon ki nan lwa, ak rezilta a, ki pral afime, ranvèse, oswa modifye detèminasyon an oswa rejte apèl la.
Si ou pa dakò avèk desizyon apèl la, ou ka mande revizyon ak Asistans Reyanbochaj Apèl Komisyon an. Komisyon an pa tipikman fe yon lòt odyans, epi desizyon yo pral baze sou temwayaj, ansanm ak prèv kit e prezante bay abit apèl la. Se poutèt sa, li trè enpòtan pou bay tout prèv ou yo nan odyans la devan abit apèl la.
Twazyèm pati reprezentan (TPR)
Yon TPR se yon antite ki fè aktivite Pwogram Asistans Reyanbochaj sou non yon moun kap fè reklamasyon pandan pwosesis apèl la. Yon TPR dwe anrejistre avek DEO epi yon fwa anrejistre, moun kap fè reklamasyon a bezwen bay aksè a TPR la sou espesifik fonksyon ki nan CONNECT ke li responsab . Moun kap fè reklamasyon yo ka fè sa nan CONNECT sou paj Bwat Resepsyon Moun K'ap Reklame.
RESOUS
Li pa nesesè pou itilize zanmi oswa manm fanmi pou sèvis entèprèt. DEO bay asistans a moun ki pa pale anglè kòm lang prensipal yo e moun ki gen kapasite limite pou li, pale, ekri oswa konprann anglè. Nou bay asistans tou a moun ki gen lòt rezon ki fè yo pa kapab depoze yon reklamasyon. Pou pale ak yon ajan ki pale Kreyòl oubyen Panyòl oubyen pou itilize sèvis tradiksyon an, rele Sant kontak la nan: 1-833-FL-APPLY (1-833-352-7759). Lendi jiska Vandredi de 7:30 AM jiska 6:30 PM EST ak Samdi ak Dimanch 8 AM a 5 PM
Moun ki bezwen asistans pou depoze yon reklamasyon sou entènèt poutèt rezon legal, pa pa gen konesans òdinatè, baryè lang oubyen andikap kapab rele: 1-833-352-7759.