Enfòmasyon sou Taks
Benefis yo se revni taksab. Ou ka chwazi pou yo kenbe 10% sou revni benefis yo pou chak semèn pou kouvri taks ou dwe peye bay IRS. Sa kapab fè apre ou antre sou reklamasyon ou la anba " Gade ak Konsève Enfòmasyon Kont” epi chwazi "Metòd Peman ak taks Dediksyon Opsyon."
1099-G
1099-G a se taks fòm ke depatman an bay nan mwa janvye pou kapab ranpli taks ou. 1099-G bay an detay kantite lajan benefis yo te peye ou pandan yon ane espesifik epi nenpòt kantite lajan ke yo te kenbe pou peye IRS. Fòm sa disponib an 31 janvye pou ane taks anvan an.
49T
Fòm 49T se yon resi pou kantite lajan ou te peye bay Asistans Reyanbochaj pou Peman Anplis yo nan yon ane taks espesifik. Akòz pandemi COVID-19 la, yo pap distribye fòm 49T pou ane taks 2020 ak 2021. Nenpòt lajan w te ranbouse bay Depatman an nan chèk oswa kat kredi, ou ka kenbe prèv yo nan dosye w.