Agency for Workforce Innovation

KONPANSASYON POU CHOMAJ

Seyans devan Abil Apèl Yo

CHAPIT 60BB-5

Sa a se yon vèsyon ki pa ofisyèl Règ pou Abit Apèl Yo. Pou règ ofisyèl yo, refere w a Florida Administrative Code (oswa Kòd Administratif Florid la), Chapit 60BB-5.  (Nòt:  li ranplase  FAC 38E-5.)

60BB-5.001 Aplikabilite.

Règleman sa yo va reji tout pwosedi legal sou kestyon dedomajman pou chomaj ke Abit Dapèl yo dirije. Epitou, règleman sa yo, antou oubyen anpati, va reji tout lòt pwosedi legal ke Abit dapèl yo fè, sòf si yo prevwa spesifikman yon lòt fason daprè lwa ak règleman lan eta a oubyen onivo federal.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. Lwa ann Aplikasyon 443.151(4)(a), (b), (d), 443.171(11)(a) FS. Orijin– Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.01, Anvan 38E-5.001.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.002 Moun ki Gen Dwa pou yo Prezante Apèl.

Nenpòt kimoun ki gen dwa selon lalwa a yon avi sou detèminasyon oubyen nouvo detèminasyon ke yo te emèt konfòmeman a Atik 443.151 (3) lan Lwa Florid yo, e ke moun sa a gen enterè sibstansyèl ki leze pa laprezant, moun sa a kapab prezante yon apèl apatide detèminasyon sa a oubyen nouvo detèminasyon sa a .  Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. Lwa ann Aplikasyon 120.52(12), 443.151(4)(b), (d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.02, Anvan 38E-5.002.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.003 Fòm pou Fè Apèl.

(1) Nenpòt ki avi alekri ki lizib e ki prezante konfòmeman a règleman sa yo, ki eksprime yon dezakò avèk ou sinon ki endike ke yon moun vle fè apèl kont yon detèminasyon oubyen yon nouvo detèminasyon va reprezante yon apèl.

(2) Nenpòt ki moun ki gen dwa a prezante yon apèl kapab jwenn yon fòm dapèl enprime  (AWI-A100, Avi pou Apèl), Rev. 4/01, ki enkòpore isit la pa referans, lan nenpòt sit ke yo mete sou list la lan alineya 60BB-5.004(1), (2), e (3), F.A.C., e lan nenpòt sit ki bay enfòmasyon sou reklamasyon pou chomaj. Sa pa obligatwa pou w sèvi avèk fòm la; men, kèlkeswa dokiman ke w sèvi a, fòk li ta enkli enfòmasyon anba la yo:

(a) Non e nimewo kont sekirite sosyal chak moun k ap fè reklamasyon an, si sa aplikab;
(b) Non chak patwon ki enplike, si sa aplikab;
(c) Dat e sijè detèminasyon an; e
(d) Yon deklarasyon kout sou rezon ki fè ke w pa dakò avèk detèminasyon an.

(3) Si w pa enkli tout enfòmasyon ki liste lan alineya (2) a, sa p ap konstitye yon rezon pou yo rejete apèl la, men sa ka abouti lan yon reta ki pa nesesè pou yo egzamine apèl la e pou yo fikse yon dat pou yon seyans pou apèl la.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. Lwa ann Aplikasyon 443.151(4)(b), (d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.03, Amande 8-20-86, 8-7-01, Anvan 38E-5.003.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.004 Kote pou Prezante Apèl.

Apèl yo ka prezante lan youn lan kote anba la yo:

(1) Nenpòt lan biwo abitraj pou reklamasyon pou chomaj ki opere pa Ajans pou Inovasyon pou Mendèv la oswa Agency for Workforce Innovation;

(2) Biwo Dapèl santral la, oswa central (Office of Appeals, MSC 347 Caldwell Building, 107 East Madison Street, Tallahassee, Florida 32399-4143) oubyen biwo abitraj apèl distrik la ki sou sipèvizyon Biwo Apèl la;

(3) Komisyon Dapèl pou chomaj la, oswa the Unemployment Appeals Commission; e

(4) Nenpòt ki biwo pou dedomajman pou chomaj ki localize andeyò Etat Florid la.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. Lwa ann Aplikasyon 443.151(4)(b)1., (d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.04, Amande 8-20-86, 8-7-01, Anvan 38E-5.004.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.005 Lè pou Prezante Apèl.

(1) Apèl la dwe prezante lan yon period 20 jou ouvrab apatide dat ke detèminasyon an oubyen nouvo detèminasyon an te voye pa lapòs lan dènye adrès ke yo genyen pou apelan an, oubyen, si yo pa voye l pa lapòs, apatide dat ke yo remèt li bay apelan an.

(2) Pou apèl la prezante, fòk dokiman apèl la voye pa lapòs lan nenpòt sit ki deziye lan Règleman 60BB-5.004, F.A.C.; pa transmisyon faks dokiman apèl la lan nenpòt kote ki deziye lan alineya 60BB-5.004(1), (2), e (3), F.A.C.; oubyen pa livrezon men nan lamen dokiman apèl la lan nenpòt kote ki deziye lan alineya 60BB-5.004(2), (3), e (4), F.A.C.

(3) Y ap konsidere apèl ki soumèt pa lapòs yo tankou si yo te prezante lan dat ki sou tenb Sèvis Lapòs Lètazini a. Y ap konsidere apèl ki soumèt pa livrezon men nan lamen oubyen pa faks tankou si yo te prezante lan dat yo mete sou tenb lan lè yo resevwa yo lan sit otorize a.

(4) Lè yo resevwa yon apèl ki remèt anpèsòn oubyen pa transmisyon faks, anplwaye Komisyon an, Ajans pou Inovasyon pou Mendèv la oubyen Biwo Dapèl la va enskri dat resepsyon an sou dokiman apèl la. Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. Lwa ann Aplikasyon 443.151(3)(a), (4)(b)1., (d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.05, Amande 8-20-86, 3-1-98, 8-7-01, Anvan 38E-5.005.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.006 Kalkil Tan.

(1) Lè y ap kalkile nenpòt peryòd de tan ke règleman sa yo rekòmande oubyen otorize, yo p ap konte dat ke yo emèt yon detèminasyon, yon nouvo detèminasyon, yon lòd,  yon desizyon oubyen yon avi. Y ap konte dènye jou lan peryòd la sòf si se yon samdi, yon dimanch oubyen yon jou ferye; lan ka sa a, peryòd la va etann li jiska lafen pwochen jou ki pa yon samdi, yon dimanch oubyen yon jou ferye.

(2) Pou bezwen paragraf sa a, "jou ferye" oswa "holiday" vle di:

(a) Dat ki deziye lan Atik 110.117 la, Lwa Florid yo;
(b) Nenpòt kilòt jou ke biwo Agency for Workforce Innovation yo fèmen; e
(c) Nenpòt kilòt jou ke Sèvis Lapòs Lèzetazini a fèmen.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. Lwa ann Aplikasyon 443.151(4)(b)1., (d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.06, Amande 8-20-86, Anvan 38E-5.006.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.007 Prezantasyon Apèl ki Fèt Anreta.

(1) Si yo jwenn ke apèl ki kòmanse pwosè dapèl la pa te prezante lan tan ke lalwa otorize, abit apèl la va avize pati yo ke prezantasyon apèl la atan pral youn lan kestyon ke yo pral konsidere pandan seyans lan.

(2) Abit apèl la va egzamine ki prèv ki genyen e konsidere dabò kestyon ki konsène si apèl la te prezante a tan. Si abit la deside ke apèl la pa t prezante lan peryòd de tan ki otorize pa lalwa a, l ap anile l. Desizyon sa a pou anile apèl la ap limite a konstatasyon ankèt la ki baze sou fè yo e a konklizyon legal osijède kestyon ponktyalite a.

(3) Si abit la deside ke apèl la te prezante atan, l ap konsidere prèv yo pou egzamine byenfonde kòz la, e desizyon abit apèl la va konprann konstatasyon ankèt la ki baze sou fè e konklizyon legal osijède alafwa kestyon ponktyalite a e byenfonde apèl la.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. Lwa ann Aplikasyon 443.151(3)(a), (4)(b)1., (d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.07, Amande 8-20-86, Anvan 38E-5.007.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.008 Konparisyon nan Tribinal.

Nenpòt moun ke yo oblije konparèt, oubyen ki prezante tèt li volontèman lan nenpòt pwosè dapèl devan yon abit apèl, kapab akonpaye, reprezante oubyen konseye pa yon avoka oubyen yon reprezantan otorize ke la gen responsibilite pou l peye limenm.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. Lwa ann Aplikasyon 120.62(2), 443.041(2)(a), 443.151(4)(d), (7) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.08, Anvan 38E-5.008.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.009 Frè.

(1) Nenpòt avoka oswa reprezantan otorize ki reprezante yon moun ki fè yon reklamasyon nan nenpòt pwosè dapèl ki reji pa règleman sa yo fèt pou li deklare oralman pou dosye a, oubyen pa mosyon aprè seyans lan, montan, si sa aplikab, ke moun ki fè demann lan te dakò pou l peye pou sèvis li yo. Epitou, avoka a oubyen reprezantan an va deklare ki to pa èdtan ke l ap fè peye oubyen ki lòt metòd li sèvi pou l kalkile frè ke li pwopoze e ki kalite e ki kantite sèvis li founi.

(2) Abit apèl la va apwouve, redui oubyen rejte montan frè pwopoze yo pa lòd alekri ki ka fè pati de desizyon an selon byenfonde apèl la.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. Lwa ann Aplikasyon 443.041(2), 443.151(4)(d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.09, Anvan 38E-5.009.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.010 Konsolidasyon.

Si gen de apèl separe ki enplike menm sitiyasyon baze sou fè yo, menm kalite kestyon legal oubyen idantite pati yo, abit apèl la kab pwograme yon seyans konsolide pou li kapab egzamine prèv e resevwa agiman pou tout apèl yo; sepandan, abit la p ap pwograme yon seyans konsolide si konsolidasyon an ta leze dwa nenpòt kilès lan pati ki konsène yo.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. Lwa ann Aplikasyon 443.151(4)(a), (b), (d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.10, Anvan 38E-5.010.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.011 Tyès Pati ki Ankòz.

Si yo jwenn ke detèminasyon dwa pati ki lan yon pwosè dapèl ki suiv règleman sa yo ap enplike yon detèminasyon sou enterè sibstansyèl moun ki pa pati ankòz yo, abit apèl la kapab selon mosyon ki fèt pa nenpòt pati  ki lan dosye a oubyen selon pwòp mosyon abit la, enpoze yon lòd ki egzije ke fòk yo avize moun ki absan an ke pwosedi an ap fèt e ke yo bay moun lan okazyon pou li vin ajoute kòm pati nan dosye a.  

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. Lwa ann Aplikasyon 120.57(1)(b), 443.151(4)(d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.11, Anvan 38E-5.011.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.012 Diskalifikasyon Abit Apèl la.

(1) A nenpòt ki moman anvan oubyen pandan dewoulman yon seyans ki reji pa règleman sa yo, nenpòt pati kapab fè yon mosyon pou diskalifye abit apèl la poutèt nenpòt lan rezon ki etabli lan Atik  120.665(1) e  443.151(4)(a)  Lwa Florid yo.

(2) Yon mosyon pou diskalifikasyon dwe entegre lan dosye a e abit apèl la va tande li. Abit la va pran yon desizyon oralman sou mosyon an pou dosye a oubyen omwayen yon lòd alekri ki ka enkòpore lan desizyon an sou baz byenfonde apèl la.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. Lwa ann Aplikasyon 120.665, 443.151(4)(a), (d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.12, Anvan 38E-5.012.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.013 Ranplasman Abit Apèl la.

Si akozde diskalifikasyon oubyen pou nenpòt lòt rezon abit apèl la pa ka finalize dispozisyon yon apèl, ya nonmen yon abit ranplasan pou ka a. Abit Ranplasan an va sèvi avèk tout dosye ki egziste e va resevwa tout prèv adisyonèl ki nesesè pou finalize pwosè dapèl la.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. Lwa ann Aplikasyon 120.57(1)(a), 443.151(4)(a), (d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.13, Anvan 38E-5.013.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.014 Preparasyon Orè Seyans yo.

(1) Seyans yo va fèt lan sit ki etabli nòmalman pou seyans yo e ki konvnab pou pati enterese yo oubyen pa telefòn. Sepandan, si pati yo dakò pou yo fè yon seyans anpèsòn, abit apèl la va fè yon seyans anpèsòn lan youn lan sit ki etabli nòmalman pou seyans yo.

(2) Lè abit apèl la pwograme yon seyans ki pou fèt pa konferans telefonik, y ap bay chak pati yo kopi dokiman enpòtan ke yo pran lan dosye ofisyèl la anvan dat seyans lan. Si youn lan pati yo vle soumèt prèv ekri oubyen lòt prèv materyèl, pati sa a dwe ranje kò l pou remèt kopi yo bay abit apèl la ak lòt pati yo anvan dat ki pwograme pou seyans lan. Si pa gen renonsyasyon, abit apèl la, pa ka pran an konsiderasyon dokiman ki pa disponib pou tout pati yo oubyen reprezantan yo e piblik la pandan ke seyans lan ap fèt.

(3) Nenpòt manm piblik la ki ta vle asiste yon seyans lan telefòn e enspekte dokiman yo kapab fè sa lan sit kote abit apèl la chita a.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. Lwa ann Aplikasyon 443.151(4)(a), (b), (d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.14, Amande 10-5-86, 3-11-99, Anvan 38E-5.014.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.015 Avi pou Seyans.

(1) Abit Apèl la va poste avi pou seyans lan bay tout pati yo omwen 10 jou anvan dat seyans lan. Lan pwosè dapèl kote Agency for Workforce Innovation lan se yon pati, avi a va adrese bay Direktè Agency for Workforce Innovation lan. Si sa fezab, avi a patwon yo dwe voye pa lapòs alafwa lan adrès ofisyèl patwon an ki nan dosye a, e lan sit travay kote moun ki fè demann lan te anplwaye. Yo dwe voye avi tou bay avoka yo e reprezantan ki nan dosye a. 

(2) Avi a va konprann oubyen ap akonpaye de:

(a) Yon deklarasyon pou bay dat, lè e kote seyans lan ap fèt;
(b) Yon deklarasyon pou site otorite e jiridiksyon legal k ap kwafe seyans ki pral fèt la;  
(c) Yon deklarasyon pou di sou ki kestyon abit apèl la pral pran desizyon an, an referans a dispozisyon legal spesifik oubyen dispozisyon baze sou règleman ki ankestyon yo. Si toutfwa  yo pa te bay youn lan pati yo yon kopi detèminasyon ki ann apèl la, yo dwe tache yon kopi detèminasyon sa a avèk avi ke yo voye bay pati sa a;
(d) Yon deklarasyon ke si moun lan pa vini, sa ka abouti lan yon desizyon anfavè lòt pati a;
(e) Yon deklarasyon pou bay règleman ki konsène demann pou pwolongasyon e manda; e
(f) Adrès biwo kote pou yo voye tout mosyon, demann pou jwenn lòt kourye osijède seyans lan.

(3) Renonsyasyon. Si abit apèl la pa voye avi lan fason ki etabli lan paragraf sa a, oubyen si avi ke yo founi an enkonplè nenpòt ki lòt jan, e tout pati ke yo pa te avize jan sa dwa yo  parèt lan seyans lan kanmenm, abit la dwe mande si pati sa yo dakò pou yo renonse a dwa yo ke yo site nan alineya (1) e (2). Si abit apèl la jwenn konsantman edike e byen reflechi lan men tout pati ki pa te avize de fason konvnab yo, abit la ka kontinye avèk seyans lan. Si nenpòt lan pati yo refize bay konsantman pou renonsyasyon an, abit la a kontinye avèk seyans lan e la voye avi konvnab a tout pati yo pou enfòme yo ke seyans lan repwograme.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. Lwa ann Aplikasyon 120.569(2)(b), 443.151(4)(a), (b), (d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Amande 11-30-81, 5-22-83, Anvan 38E-5.15, Amande 8-20-86, Anvan 38E-5.015.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.016 Pwolongasyon.

(1) Abit apèl la va kontinye avèk yon seyans pou bonjan motif, si youn lan pati yo mande sa oubyen baze sou pwòp mosyon abit la menm.

(2) Demann pwolongasyon yo fèt pou yo bay rezon pou demann lan e dwe fèt swa alekri anvan seyans lan oubyen vèbalman pou dosye a lan seyans lan.

(3) Lè li resevwa yon demann pwolongasyon anvan dat ki pwograme pou seyans lan, abit apèl la va imedyatman egzamine li e founi yon avi alekri pou avize pati yo de desizyon abit la.

(a) Si demann lan akòde, abit apèl la va notifye pati yo de dat seyans ki repwograme a selon jan règleman sa yo prevwa a.
(b) Si demann lan rejte, abit apèl la va kontinye konfòmeman a règleman sa yo.
(c) Si  pati yo genlè p ap resevwa desizyon alekri abit apèl la sou demann lan anvan dat ki pwograme pou seyans lan, abit la va poste desizyon an kanmenm, men tou la konvoke seyans lan e avize tout pati ka p asiste a seyans lan de desizyon an. Si yo akòde demann lan, abit la va ajoune; si li rejte, abit la va kontinye. (4) Si yon demann pwolongasyon fèt pandan dewoulman seyans lan, abit apèl la va note desizyon sou mosyon an lan dosye a epi la kontinye oubyen ajoune.

(5) Si abit apèl la deside, apre seyans lan, men anvan yo pwononse desizyon an, ke yon seyans adisyonèl nesesè, la avize pati yo ankonsekans alekri.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. Lwa ann Aplikasyon 443.151(4)(a), (b), (d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.16, Anvan 38E-5.016.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.017  Lè Pati yo Pa Konparèt.

(1) Sòf si sa prevwa lan Règleman 60BB-5.016, F.A.C., abit apèl la ka kontinye avèk seyans lan, malgre ke youn lan pati yo pa konparèt.

(2) Lefèt ke apelan an pa prezante tèt li nan seyans lan va konstitye yon baz pou anile apèl la.

(3) Alademann alekri fèt pa apelan an oubyen baze sou pwòp mosyon abit la, abit la va envalide yon desizyon pou anilasyon pou bonjan motif e va reouvri apèl la. Alademann alekri de repondan ann apèl la oubyen sou pwòp mosyon abit la, abit apèl la va envalide yon desizyon pou bonjan motif e reouvri apèl la si repondan ann apèl la pa te prezante tèt li lan dènye seyans ki te pwograme a e abit la te pwononse yon desizyon ki pa favorab pou repondan ann apèl la. Abit apèl la va gen otorite pou reouvri yon apèl selon règleman sa a depi demann lan te prezante oubyen mosyon an te fèt nan yon peryòd 20 jou apatide lè desizyon an pwononse.

(a) Yon kestyon fondamantal ki pou deside lan seyans ki fèt pou konsidere si y ap reouvri yon apèl se si gen bonjan motif pou kontinye avèk yon seyans adisyonèl. Si yo jwenn bonjan motif, abit apèl la va kontinye sou baz byenfonde apèl la. Si yo pa jwenn bonjan motif, abit la va retabli desizyon an. Abit la p ap genyen plis otorite osijède yon desizyon ki retabli; sepandan, nenpòt ki pati oubyen lòt moun ki otorize pa lalwa ka prezante yon apèl sou desizyon ki retabli a konfòmeman a Chapit 60BB-6 e 60BB-7, F.A.C.

(b) Lè yo rejte yon demann pou reouvri yon apèl san seyans, se pou sa fèt alekri. Pati k ap fè demann lan ka prezante yon apèl pou konteste rejè a bay Unemployment Appeals Commission lan jan sa ekspoze nan Chapit 60BB-6 e 60BB-7, F.A.C.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. Lwa ann Aplikasyon 443.151(4)(a), (b), (d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.17, Amande 8-20-86, 3-1-98, Anvan 38E-5.017.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.018 Kominikasyon Enfòmasyon ki lan Dosye a.

Pati yo ka jewnn enfòmasyon ki lan dosye a avèk mwayen e lan fason ki endike lan Règleman 1.280 jiska 1.400 enkli, Règ Pwosedi Sivil Florid la. Abit apèl la ka pase lòd apwopriye pou satisfè objektif kominikasyon pyès dosye a e pou anpeche reta, ikonpri lòd ki rakousi peryòd de tan lè gen yon aksyon ki pou fèt.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. . Lwa ann Aplikasyon 120.569(2)(f), 443.151(4)(d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.18, Anvan 38E-5.018.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.019 Manda.

(1) Pou jwenn manda ki egzije ke temwen yo asiste a seyans lan oubyen ki mande prezantasyon pyès nan achiv, dosye e memorandòm ki sot lan nenpòt kote nan eta a e lokalize nan nenpòt kote deziye pou seyans devan abit apèl la pou pran temwayaj lan men temwen sa yo oubyen pou fè enspeksyon dokiman, fòk yon pati ki lan dosye a prezante yon aplikasyon alekri oubyen fòk abit la prezante pwòp mosyon li. Aplikasyon pou manda a dwe deklare okonplè non e adrès temwen ke yo pral voye manda pou li an, epi lè avèk kote pou temwen an prezante tèt li. Fòk demann pou manda duces tecum yo dekri andetay dokiman ke temwen an dwe pote. Fòk aplikasyon an remèt lan biwo abit la avèk ase tan alavans pa rapò a dat ki pwograme pou seyans lan pou pèmèt ke yo remèt konvokasyon an anvan seyans lan.

(a) Nenpòt moun ke lalwa otorize pou remèt yon manda oubyen nenpòt ki lòt moun ki pa yon pati e ki majè ka delivre yon manda. Remiz manda a ka fèt pa avoka oubyen reprezantan yon pati .

(b) Remiz yon manda a yon lòt moun ki pa moun ki fè demann dedomajman an p ap konsidere kòm efektif amwenske remiz manda a bay moun ke yo nonmen isit la  akonpaye ak yon peman frè pou asiste pandan yon jou e pou mileage ki otorize pa lalwa.

(c) Prèv ke manda a te remèt pèsonèlman dwe fèt pa afidavit lan non moun k ap delivre manda a si remiz lan pa fèt pa yon ofisye otorize pa lalwa. Si remiz la fèt pa kourye rekòmande, souch resi sèvis lapòs la va sèvi kòm prèv remiz manda a.

(2) Baze sou nenpòt lan motif ki etabli lan Atik  120.569(2)(k)1 Lwa Florid yo, nenpòt moun ki resevwa yon manda kapab prezante a yon abit apèl yon mosyon pou anile oubyen limite efè manda a. Fòk mosyon an fèt avèk ase tan alavans pa rapò a dat ki etabli pou konfòmite avèk manda a pou pèmèt abit la pran yon desizyon sou mosyon an e bay notifikasyon a pati yo sou desizyon an. Si yo pa resevwa desizyon alekri ke abit la pran anvan dat ki etabli pou konfòmite a, pati ki prezante mosyon an dwe prezante tèt li lan lè e lan kote deziye yo tou pare pou konfòme tèt li avèk manda a, akondisyon ke pati ki prezante mosyon an gen dwa a yon desizyon oral sou mosyon ki prezante lan dosye a lan kòmansman seyans lan.

(3) Si yon moun pa konfòme l avèk yon manda, pati k ap mande manda a ka chèche miz ann egzekisyon manda a atravè prezantasyon yon petisyon pou miz ann egzekisyon konfòmeman a Atik 120.569(2)(k)2., lan Lwa Florid yo, nan tribinal awondisman ki lan awondisman jidisyè kote moun ki pa konfòme l la rezide.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS.  Lwa ann Aplikasyon 120.569(2), 443.151(4)(d), 443.171(8), (9) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.19, Amande 8-20-86, Anvan 38E-5.019.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.020 Frè pou Temwen.

(1) Nenpòt anplwaye piblik ki resevwa yon manda pou prezantasyon devan yon abit apèl e ki oblije vwayaje pi lwen ke vwazinaj imedya biwo santral li a ap gen dwa a ranbousman pou per diem e depans vwayaj lan to ki endike lan Atik 112.061 nan Lwa Florid yo. Pyès jistifikatif pou ranbousman an va trete konfòmeman a lwa eta a.

(2) tout lòt temwen yo, eksepte pati yo, ki resevwa manda pou prezantasyon devan yon abit apèl  a gen dwa a yon frè pou temwen e alokasyon pou mileyaj jan sa prevwa lan pousuit sivil lan tribunal awondisman lan eta sa a.

(a) Fon Fidisyè pou Administrasyon Sekirite nan Anplwa oswa Employment Security Administration Trust Fund va peye frè pou temwen ki resevwa manda delapade Agency for Workforce Innovation la oubyen delapade nenpòt moun ki fè demann pou dedomajman apre abit apèl la soumèt yon pyès jistifikatif pou ranbousman.

(b) Frè pou temwen ki resevwa manda delapade tout lòt pati yo dwe akonpaye manda a.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS.  Lwa ann Aplikasyon 120.569(2)(k)3., 443.041(2)(a), 443.151(4)(d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.20, Anvan 38E-5.020.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.021 Envestigation.

Chak fwa ke sa sanble nesesè pou dispozisyon yon apèl, abit apèl la va konseye Agency for Workforce Innovation lan pou li fè yon envestigasyon, ankèt, odit pewòl oubyen lòt verifikasyon. Seyans pou apèl yo va kontinye jiskaske envestigasyon an konplete. Tout pati yo a gen dwa enspekte, fè kont-entewogatwa e prezante refitasyon kont nenpòt prèv ki ekspoze lan yon rapò sou nenpòt envestigasyon ke abit la dirije.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. . Lwa ann Aplikasyon 443.151(4)(a), (b), (d), 443.171(7), (8) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.21, Amande 8-20-86, Anvan 38E-5.021.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.022 Menleve.

Apelan an ka retire apèl la anvan seyans lan oubyen nan seyans lan avèk apwobasyon abit apèl la. Si demann retrè a fèt anvan seyans lan, fòk li fèt alekri e fòk li siyen pa apelan an; si li fèt pandan seyans lan, fòk li fèt oralman pou dosye a. Si l apwouve, abit la va emèt yon desizyon alekri pou anile apèl la; akondisyon ke, sepandan, apelan an ka mande pou yo reouvri apèl la lan yon peryòd 20 jou apatide dat emisyon desizyon pou anile apèl la.  Abit la va konfòme l a rekèt la lan fason ki etabli nan Règleman 60BB-5.017, F.A.C., konsènan reouvèti apèl ki te anile a paske apelan an pa te konparèt. Sepandan, malgre dispozisyon sa yo, yon apèl ki retire va reouvri sèlman lè yo montre ke demann retrè a te fèt kòm rezilta move enfòmasyon oubyen kontrent delapa repondan a apèl la oubyen yon anplwaye Agency for Workforce Innovation lan.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. . Lwa ann Aplikasyon 443.151(4)(b)2., (d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.22, Anvan 38E-5.022.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.023 Endepandans Abit Apèl yo; Kominikasyon Ex Parte Entèdi.

(1) Lè l ap dirije seyans yo e rann desizyon yo lan pwosè dapèl selon règ sa yo, abit apèl la va aji tankou yon majistra enpasyal, endepandan, ki pa sibi okenn enfliyans ekstèn.

(2) Okenn pati lan yon pwosè dapèl oubyen okenn lòt moun ki gen yon enterè direk oubyen endirèk lan yon pwosè dapèl oubyen okenn avoka oswa reprezantan moun sa a oubyen okenn fonksyonè piblik oubyen anplwaye pa p kominike ann okin fason avèk abit apèl ki afekte a apèl la konsènan byenfonde apèl la amwenske tout pati yo prezan oubyen renonse a dwa yo pou yo prezan.

(3) Yon abit apèl ki resevwa yon kominikasyon ki entèdi pa alineya (2) a, oubyen ki resevwa yon menas oubyen òf pou rekonpans nan men nenpòt ki moun konsènan dewoulman oubyen rezilta yon pwosè dapèl, va mete nan dosye a tout kominikasyon alekri ke li resevwa, tout repons alekri ki te bay a kominikasyon sa yo e yon memorandòm ki deklare sijè tout kominikasyon oral ki te resevwa e tout repons oral ki te fèt. Si kominikasyon an te resevwa aprè seyans lan, abit la va notifye pati yo de ki sijè ke li te enkli kòm fezan pati de dosye a e avize pati yo ke yo ka prezante yon demann lan yon peryòd 10 jou pou mande yon seyans adisyonèl pou refite kominikasyon an. Si abit la estime li nesesè pou elimine efè kominikasyon an, abit la va retire tèt li e ya va nonmen yon ranplasan konfòmeman a Règleman 60BB-5.013, F.A.C.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. Lwa ann Aplikasyon 120.66, 443.151(4)(a), (d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.23, Anvan 38E-5.023.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.024 Dewoulman Seyans lan.

(1) Seyans ki fèt devan abit apèl yo fèt pou yo ouvri a piblik la; akondisyon ke abit la ka ekskli temwen ki pa konsidere kòm pati yo, akoz de yon mosyon ke yon pati te fè oubyen baze sou pwòp mosyon abit la, jiskaske yo rele yo pou temwaye. Epitou abit la ka ekskli nenpòt obsèvatè, temwen oubyen pati ki deranje dewoulman seyans lan; sepandan, ya aksepte moun lan tounen lè li sispann konduit endisipline a.

(2) Abit apèl la va revize kestyon ki prezante bali yo e la etabli pwosedi legal ki fèt pou respekte pandan seyans lan.  

(3) Prèv.

(a) Ya pran prèv oral sèlman apre moun lan prete sèman oubyen afime ke la p di laverite.

(b) Abit apèl la va rekòmande lan ki lòd y ap pran temwayaj yo e prezève dwa chak pati pou prezante prèv ki gen rapò a kestyon yo, fè kont-entewogatwa temwen ki ann opozisyon yo, atake kredibilite nenpòt ki temwen e refite prèv ki prezante kont li yo. Abit la va limite egzamen nenpòt ki temwen nan kad pwosè dapèl la e va entewoje oubyen fè kont-entewogatwa nenpòt temwen jan sa nesesè pou monte dosye a korèkteman.

(c) Si abit la detèmine ke entewogatè a oubyen jij ki te emèt detèminasyon an pa te aplike kloz oubyen dispozisyon legal korèk yo a sitiyasyon an sou baz fè ki te prezante yo, abit la ka modifye detèminasyon an e, avèk konsantman pati yo, devlope oswa sinon chanje sijè ki abòde lan seyans lan pou enkli pwoblèm korèk ki ankestyon yo. Si youn oswa plizyè pati fè objeksyon a chanjman lan sijè ki abòde lan seyans lan, abit la va kontinye seyans lan e founi yon notifikasyon korije pou seyans lan ki mansyone kestyon apwopriye yo.

(d) Seyans lan pa bezwen fèt selon règ teknik osijède prèv oubyen temwen yo. Yap ekskli prèv ki pa gen rapò ak sijè a, ki sanzenpòtans oubyen ki repetitif de fason egzajere, men yap admèt tout lòt prèv ki se kalite prèv ke moun rezonab jeneralman itilize kòm baz pou yo jere afè yo, ke prèv sa a ta admisib lan yon jijman lan tribinal Florid yo ou non. Yo ka sèvi ak prèv ke yon moun ap repete paske li tande yon lòt moun di li pou konplemante oubyen eksplike lòt prèv, men kalite prèv sa a p ap sifizan poukont li pou apiye yon konklizyon sou fè yo, sòf si li ta admisib malgre objeksyon yo lan yon pousuit an jistis sivil. Yon pati oubyen reprezantan pati a ka eksprime yon objeksyon pou avize abit apèl la ke gen yon defo lan kalite nenpòt prèv ki prezante. Ya bay pati k ap fè objeksyon an yon okazyon pou li eksplike baz pou objeksyon an. Si yon pati pa eksprime objeksyon l kont yon prèv ki prezante lan seyans lan, sa pa anpeche pati a soulve objeksyon an ann apèl bay Unemployment Appeals Commission lan.

(e) Tout dokiman ki prezante kòm prèv fèt pou yo make e sètifye pa abit apèl la kòm etan dokiman sa a menm ke yo te resevwa a oubyen yon fotokopi konfòm e kòrèk de dokiman an. Nenpòt ki lè sa aplikab, yo fèt pou yo make e mete prèv tanjib et materyèl lan dosye a; sinon abit la va dekri yo an detay nan dosye a.

(4) Anvan seyans lan klotire, abit apèl la va bay chak pati yon kantite rezonab de tan pou prezante diskou final yo.

(5) Tout pati yo ka soumèt deklarasyon pou prezante agiman bay abit apèl la lan seyans lan. Yon pati ka mande pèmisyon pou soumèt yon agiman apre seyans nan, lan yon peryòd de tan rezonab ke abit la fikse; sepandan, abit la pa kab retade pwononse desizyon an pandan yon peryòd de tan ki ta konstitye yon fado injistifye pou okenn lan pati yo.

(6) Prezève temwayaj. Abit apèl la, oswa yon stenograf ki anba sipèvizyon abit la va anrejistre deba yo mekanikman. Ya va mete anrejistreman temwayaj la nan dosye ofisyèl la e ya va prezève li pandan omwen 120 jou apatide dat desizyon abit la, sòf si gen yon revizyon ki inisye pa Unemployment Appeals Commission lan; okèlka, anrejistreman an va prezève pou yon peryòd de omwen 120 jou apatide dat lòd definitif Komisyon an. Si anrejistreman an transkri pou revizyon administratif oubyen jidisyè, la va konstitye kopi ofisyèl pwosè dapèl la.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. Lwa ann Aplikasyon 120.569(2), 120,57(1), 443.151(4)(a), (b), (d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.24, Amande 8-20-86, Anvan 38E-5.024.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.025 Desizyon.

(1) Lè seyans lan konkli, abit apèl la va rann oubyen soumèt yon desizyon alekri bay pati yo.

(2) Desizyon an va baze inikman sou kestyon ki fè pati de dosye ofisyèl la.

(3) Desizyon an va enkli, men pa limite a sa ki anba la a:

(a) Yon deklarasyon pou endike jiridiksyon abit la;

(b) Yon deklarasyon pou mansyone kestyon yo;

(c) Konklizyon sou fè ki nesesè pou rezolisyon pwoblèm yo. Konklizyon ki baze sou stipilasyon pati yo oubyen sou sijè ke abit la idantifye ofisyèlman va deziye antanke tèl;

(d) Yon analiz konklizyon yo ki enkli yon deklarasyon kout e eksplisit sou prèv soujasan ki lan dosye a ki apiye konklizyon yo. Sizoka li fè fas a prèv kontradiktwa pa rapò a kèk kestyon oubyen kèk fè ki konteste, e ke konklizyon sou kestyon oubyen fè sa a se yon faktè detèminan pou rezilta apèl la, abit apèl la va rekonèt ke konfli sa a egziste e va etabli lojik ke li te suiv pou li rezoud konfli a;

(e) Konklizyon de dwa ki akonpaye ak yon referans aplikab a konklizyon sou fè yo e dispozisyon spesifik lwa desizyonèl e lwa ki konfòm a stati yo ki te sèvi pou yo te tire konklizyon yo.

(f) Desizyon final la ki etabli aksyon ki pou fèt la.

(4) Yon kopi desizyon an fèt pou l poste lan adrès ki nan dosye a pou chak pati oubyen avoka oswa reprezantan ki sou dosye a, si se le ka, pa kourye U.S. regilye. Kopi desizyon an va transmèt bay biwo Agency for Workforce Innovation ki gen yon enterè lan pwosè dapèl la. Desizyon an va avize pati yo sou dwa yo e sou mwayen ki nesesè pou yo prezante yon apèl sou desizyon an a Unemployment Appeals Commission lan.

(5) Abit apèl la oubyen sekretè deziye abit la va konplete, siyen e apoze sou desizyon an yon sètifika  ki declare ke desizyon an te prezante e ke kopi te poste bay tout pati yo lan adrès ki parèt sou desizyon an lan dat ke li te sètifye a.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. . Lwa ann Aplikasyon 120.569, 443.151(4)(a), (b), (d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.25, Amande 8-20-86, Anvan 38E-5.025.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.026 Kominikasyon Apre Desizyon an.

(1) A nenpòt ki moman anvan prezantasyon yon apèl, abit apèl la va emèt yon desizyon korije pou elimine tout erè administratif ki ta enkli ladan l, men abit la pa kab fè okenn chanjman ki afekte enterè sibstansyèl okenn lan pati yo.

(2) Paragraf sa a pa ranplase dispozisyon ki konsène desizyon sou anilasyon yo ki te enskri konfòmeman a Règleman 60BB-5.017 and 60BB-5.022, F.A.C.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. . Lwa ann Aplikasyon 443.151(4)(a)-(d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.26, Amande 8-20-86, Anvan 38E-5.026.

Retounen lan Endèks la

60BB-5.027 Apèl a Komisyon Dapèl pou Chomaj la oswa Unemployment Appeals Commission.

Si abit apèl la resevwa yon kominikasyon alekri lan men yon pati ki eksprime dezakò avèk desizyon an osinon ki endike ke moun lan vle konteste desizyon an, abit la va imedyatman voye l bay Unemployment Appeals Commission lan. Paragraf sa a pa ranplase dispozisyon ki konsène desizyon pou anilasyon ki te enskri konfòmeman a Règleman  60BB- 5.017 e 60BB-5.022, F.A.C.

Jiridiksyon Spesifik 120.80(10)(a)1., 443.012(3), (11), 443.151(4)(d) FS. Lwa ann Aplikasyon 443.151(4)(c)-(d) FS. Orijin–Nouvo 5-22-80, Anvan 38E-5.27, Amande 8-20-86, Anvan 38E-5.027.

Retounen lan Endèks la


 

 

 

 

 

 

An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.  All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.

Programa/Empresa que ofrece igualdad de oportunidades. Los asistentes y servicios auxiliares están disponibles a pedido de personas con incapacidades. Aquellas personas que usen equipos TTY/TTD a través del Servicio de Retransmisión de Florida llamando al 711 pueden acceder a todos los números telefónicos de voz en este sitio Web.