Entwodiksyon

Paj videyo enfòmasyon an te kreye pou reponn a kesyon kouran epi pou kouvri enfòmasyon sou pwosedi ki nan tout domèn pwogram Asistans Reyanplwa (RA) a. 

Premye Etap: Aplike pou Benefis ak Rapòte Enfòmasyon sou Anplwa ou


Èske ou gen kesyon sou kòman pou depoze yon reklamasyon? Gade videyo sa a sou kòman pou Aplike pou Benefis yo ak  jwenn repons a kesyon w yo jodi a.

Videyo sa a pral eksplike:

  • Kiyès ki ka fè demann pou benefis RA
  • Kilè pou aplike pou benefis yo
  • Ki enfòmasyon ki nesesè pou aplike pou benefis yo
 
                       
4:20 [cc]


Lè w ap plen aplikasyon ou pou benefis yo, li enpòtan pou rapòte kòrèkteman tout istwa travay ou. Videyo sa a sou kòman pou Rapòte enfòmasyon sou Anplwa ou ap founi w enfòmasyon ki itil.

 

Videyo sa a pral eksplike:
  • Peryòd anplwa ki sipoze kouvri
  • Enfòmasyon kòdone ki nesesè pou chak anplayè
  • Konsèy sou fason pou byen rapòte enfòmasyon w yo
 
                                   
4:03 [cc]





Oto-Sèvis Reconnect

Oto-sèvis sa ap pèmèt ou mete ajou PIN Reconnect ou, mete ajou nimewo telefòn kontak ou, chanje metòd korespondans ou oswa metòd peman ou, chanje opsyon pou yo retire taks epi resevwa enfòmasyon detaye sou reklamasyon an enkli estati peman, avi detèminasyon ki piblye, enfòmasyon sou apèl/kontestasyon ak mesaj sou pwogram RA.

 

 



            1:30 [cc] 

Dezyèm Etap: Aprè ou Fin depoze Reklamasyon w lan

Ou fin depoze yon aplikasyon pou benefis, men ou pa fin sèten kisa pou w fè aprè sa. Gade videyo Aprè ou Fin Depoze Reklamansyon w lan, pou aprann kisa pou w fè annaprè.

 

Videyo sa a pral eksplike:

  • Kòman pou tcheke bwat resepsyon Reconnect ou a pou enfòmasyon enpòtan
  • Bay eksplikasyon sou avi Detèminasyon Monetè
  • Kòman pou anrejistre sou Employflorida.com
  • Kòman pou byen dokimante done sou rechèch travay ou yo


            4:12 [cc] 

Twazyèm Etap: Fè Demann pou Peman Benefis


Pandan ke ou nan pwogram RA a, ou pral oblije fè demann pou peman benefis yo atravè Reconnect chak de (2) semèn.

 

Videyo sa a pral eksplike:

  • Kilè ak ki kote pou fè demann pou peman benefis yo
  • Enstriksyon detaye sou kòman pou antre done rechèch travay yo
  • Kòman pou rapòte anplwa ak salè     
 

            4:23 [cc]

Katriyèm Etap: Pwosesis pou Desizyon

Pifò nan reklamasyon yo ap gen pou pase nan Pwosesis pou Desizyon. Gade videyo sa a pou w ka aprann sak pase nan Pwosesis pou Desizyon an.


Videyo sa a pral eksplike:

  • Pou kisa yap revize reklamasyon an
  • Kòman pou konplete fòm ankèt fè reyèl yo
  • Konprann lèt detèminasyon an

 

 

                        4:55 [cc]

 

Pwosesis Dapèl

Yo detèmine ke ou pa kalifye pou benefis yo, men ou pa dakò.  Gade videyo sa a sou Pwosesis Dapèl yo pou aprann kisa pou w fè annaprè.

Videyo sa a pral eksplike:

  • Delè pou depoze yon apèl alè
  • Kisa pou w fè aprè w fin depoze yon apèl
  • Kòman pou w byen prepare pou yon odyans dapèl        


            4:52 [cc] 

Peman Anplis

Lwa sou Asistans Reyanplwa kapab konplèks. Li enpòtan pou swiv bon pwosedi yo pou asire peman benefis ou yo korèk pou reklamasyon w lan epi pou ka anpeche fwod. Videyo nou an sou Peman anplis ak Fwod ap asire ke ou rete sou bon kote lalwa.

 

Videyo sa a pral eksplike:

  • Kòz kouran pou peman anplis
  • Ki sa peman anplis fwod ye?
  • Kòman pou ranbouse yon peman anplis
  • Konsèy pou anpeche peman anplis ak fwod


            4:29 [cc] 

An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to Florida Commerce.
OK
 
Cancel