identity theft graphic-creole

Dekouvri Vòl Idantite

Vòl idantite rive lè yon itilize enfòmasyon yon lòt moun pou fè konpran ke se pwòp idantite l. Vòl idantite ka enkli vòl nan salè ak enfòmasyon travay osi byen ke kat kredi ak fwod nan kourye.

Siy pou Dekouvri Vòl Idantite:

  • Yon moun ki pa janm aplike pou benefis RA men li resevwa yon peman pou RA atravè depo dirèk, oswa kat debit
  • Yon moun ki pa janm aplike pou benefis RA men li resevwa yon fòm taks 1099-G IRS
  • Yon moun kap eseye depoze yon reklamasyon RA epi yo fè l konnen ke gen yon moun ki deja ap itilize Nimewo Sekirite Sosyal li
  • Yon anplwayè resevwa yon demann pou enfòmasyon sou separasyon ki konsène yon anplwaye ki toujou ap travay e ki pat aplike pou RA
  • Yon anplwayè resevwa yon relve sou sa ke yo chaje l chak trimèstriyèl epi chaje l pou yon anplwaye ki pa te depoze yon reklamasyon RA oswa pou yon moun ki pa janm travay pou li

Resous: Prevansyon Vòl Idantite




Fwod Asistans Reyanbochaj

Fwod Asistans Reyanbochaj (RA) fèt lè yon moun entansyonèlman bay fo enfòmasyon, oswa sere enfòmasyon, pou li ka jwenn benefis RA kote li pa tap kalifye pou yo.

Egzanp Fwod RA:

  • Bay fo enfòmasyon oswa sere enfòmasyon lè wap aplike pou benefis RA
  • Delibereman rapòte salè ki pa kòrèk oswa zewo
  • Di ou kapab ak disponib pou travay, oswa aktivman ap chèche travay, e poutan se pa vre
  • Li pa rapòte tout salè avan taks pou semèn li te travay pou li a tandike lap reklame benefis RA
  • Depoze yon reklamasyon sou non yon lòt moun, sou Nimewo Sekirite Sosyal lòt moun, oswa itilize enfòmasyon travay yon lòt moun san moun nan pa konnen, oswa san konsantman l
  • Depoze yon reklamasyon pou yon moun ki nan prizon

Fwod RA se yon ofans grav ki ka jwenn yon santans sevè. Pa egzanp:

  • Yap oblije w pou ranbouse tout peman benefis RA ou te resevwa, ansanm ak yon penalite kap 15%.
  • Ou gendwa PA ka an mezi pou kolekte benefis adisyonèl RA jiskaske dèt RA a pa fin ranbouse.
  • Yo ka kenbe lajan taks federal ou pou peye dèt ou a.
  • FloridaCommerce ka refere ka w la bay Komisè Gouvènman Eta a pou pouswit, ki ka pèmèt yo akize w pou gwo vòl oswa yon deli.

Resous: Ki sa RA Fòwd la ye? Chèche Konnen!



Rapòte Vòl Idantite ak Fwòd Asistans Reyanplwa

Èd ou ap dirèkteman ranfòse efò FloridaCommerce ap fè pou asire ke lajan taks patwon Florid yo depanse sajman epi benefis Asistans Reyanplwa yo (RA) ale jwenn sèlman reklaman ki kalifye. Si w kwè ou konnen yon ka fwod RA, ou se yon viktim vòl idantite, oswa ou se yon anplwayè epi ou gen yon anplwaye ki se yon viktim, li enpòtan pou w rapòte sa imedyatman nan Sant Èd Asistans Reyanplwa a


An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to Florida Commerce.
OK
 
Cancel