Entwodiksyon

Mèsi pou vizite paj Kesyon yo poze souvan nan Asistans Reyanbochaj (RA). Tanpri chwazi youn nan sijè ki anba a yo wè kesyon komen sou zòn sa a.

Otantifikasyon Milti-Faktè ak ID.me 

Kouman pou m konfigire kont Asistans Reyanplwa mwen an ansanm avèk yon metòd otantifikasyon milti-faktè? 

FloridaCommerce te enplimante yon nouvo pwosesis otantifikasyon milti-faktè pou pi byen pwoteje reklaman pou Asistans Reyanplwa Florid yo. Si depi 2 septanm 2021 ou pa gen aksè nan kont Asistans Reyanplwa w la, ou dwe revize Gid pou Jwenn Aksè sou Kont Asistans Reyanplwa w la.

Kouman pou mwen chanje enfòmasyon pou konekte sou kont Asistans Reyanplwa mwen an?

Sant Èd Asistans Reyanplwa a ka ede w ak pwosesis sa a. Chwazi "Mwen se yon Reklaman," apresa chwazi "Èd pou Konekte nan Kont lan," answit chwazi "Mwen bezwen Mete Ajou Enfòmasyon pou Konekte nan Kont Asistans Reyanplwa mwen an," epi chwazi opsyon ki pi byen dekri pwoblèm ou genyen pou konekte nan kont ou a. 

Èske mwen oblije anrejistre ak ID.me pou m aplike pou benefis Asistans Reyanplwa? 

Anplis de otantifikasyon milti-faktè a, wap bezwen kreye yon kont epi verifye idantite w avèk ID.me. ID.me kontinye yon patnè teknoloji ke FloridaCommerce ansanm ak ajans gouvènman federal yo ak plis pase 25 lòt eta fè konfyans, nan ede kenbe enfòmasyon pèsonèl moun  an sekirite. FloridaCommerce ankouraje reklaman yo ki poko fè sa, pou yo kreye epi verifye idantite yo avèk ID.me anvan yo konplete pwosesis otantifikasyon milti-faktè a. 

Kouman pou mwen kreye yon kont ID.me? 

Ale sou paj koneksyon ID.me an pou plis enfòmasyon sou kòman pou konfigire ak pwoteje kont ID.me w lan. Tanpri sonje ke reklaman Asistans Reyanplwa ki poko gen 18 an dwe rele Sant Sèvis Kliyantèl Asistans Reyanplwa Florid la nan 1-833-FL-APPLY pou yo ka jwenn èd pou verifye idantite yo.

Asistans Reyanplwa

Ki sa ki Asistans Reyanplwa? 

Asistans Reyanplwa, ke yo te rele federalman Asirans Chomaj, se yon revni tanporè pou travayè ki pap travay san se pa fòt pa yo epi ki swa kap chèche yon lòt travay, gen pou definitivman tounen travay nan 6 semèn swivan dènye jou li te travay la, oswa kap patisipe nan yon fòmasyon apwouve. Se taks patwon yo peye ki finanse Asistans Reyanplwa.

Si se mwen ki te kite travay la, èske map kalifye pou resevwa benefis Asistans Reyanplwa?

Si yo te revoke w nan travay la, patwon w la dwe kapab pwouve rezon valab ki fè li te revoke w la, tankou ou pa respekte règ, lòd, oswa enstriksyon, oswa pou movèz kondwit nan travay la. Pou FloridaCommerce kapab detèmine kalifikasyon w, ou dwe ranpli yon aplikasyon pou benefis Asistans Reyanplwa. FloridaCommerce pa kapab fè yon pre-detèminasyon sou kalifikasyon w pou resevwa benefis Asistans Reyanplwa. 

Si yo revoke m nan travay mwen, èske map kapab kalifye pou benefis Asistans Reyanplwa? 

Si yo te revoke w nan travay la, patwon w la dwe kapab pwouve rezon valab ki fè li te revoke w la, tankou ou pa respekte règ, lòd, oswa enstriksyon, oswa pou movèz kondwit nan travay la. Pou FloridaCommerce kapab detèmine kalifikasyon w, ou dwe ranpli yon aplikasyon pou benefis Asistans Reyanplwa. FloridaCommerce pa kapab fè yon pre-detèminasyon sou kalifikasyon w pou resevwa benefis Asistans Reyanplwa. 

E si mwen pa kapab oswa mwen pa disponib pou aksepte travay pou youn oswa plizyè semèn? 

Lè w ap aplike pou benefis Asistans Reyanplwa, ni aplikasyon inisyal la ak demann chak semèn yo, yo pral poze w kesyon espesifik pou detèmine si w satisfè kondisyon elijiblite yo pou fè konnen si w kapab ak disponib pou travay. Kapasite vle di yon reklaman ki fizikman ak mantalman kapab ranpli fonksyon travay la. Disponibilite vle di yon reklaman k ap aktivman chèche travay epi li pare ak li vle aksepte yon travay ki konvenab.  FloridaCommerce pral egzamine repons ou yo epi detèmine kalifikasyon w pou resevwa, oswa pou kontinye resevwa, benefis Asistans Reyanplwa yo. 

Kouman pou Aplike pou Asistans Reyanplwa

Ki enfòmasyon ak dokiman map bezwen anvan m kòmanse aplikasyon mwen an?

Pou asire aplikasyon w lan konplè epi yo trete avèk efikasite, ou dwe gen yon kopi valab kat idantifikasyon gouvènman te bay ou a, nimewo sekirite sosyal ou, ak enfòmasyon sou travay ou pou 18 dènye mwa yo pou chak patwon. Enfòmasyon sou travay yo dwe enkli bagay sa yo:

  • Nimewo idantifikasyon anplwayè a (yo), ke yo rele tou FEIN, si li disponib. Ou ka jwenn nimewo sa a sou fòm taks IRS W-2 a oswa sou 1099-G ou.
  • Non anplwayè a ki sou resi chèk ou a, adrès, ak nimewo telefòn yo.
  • Premye ak dènye jou travay.
  • Salè brit (anvan taks) ki kouvri 18 dènye mwa yo.
  • Rezon ki lakoz separasyon avèk travay la.

Si youn nan kritè sa yo aplikab pou ou, ou dwe gen enfòmasyon  sa yo disponib.

  • Anplwaye militè: Omwen youn nan sa ki annapre yo:  DD-214 member 4, "lòd pou rapòte", "lòd liberasyon", deklarasyon salè ak konje militè, ak/oswa fòm W-2 ki soti nan sèvis militè ki pi resan an.
  • Anplwaye federal: Fòm estanda 50, fòm estanda 8, fòm W-2, oswa resi chèk (si ou te travay pou gouvènman federal nenpòt moman pandan 18 dènye mwa yo).
  • Manm sendika: non sendika a, nimewo sal la, ak nimewo telefòn nan.
  • Si w pa Sitwayen: Yon kopi Dokiman Otorizasyon Travay ou oswa Nimewo Anrejistreman Etranje w.

Pou kisa w poze kesyon sou ansyen anplwayè mwen an? Mwen te travay yon lòt kote, epi mwen pa depoze reklamasyon an kont yo. 

Yap revize tout patwon ou te genyen pandan 18 dènye mwa yo epi yo kontakte yo konsènan travay ou. Ou pa kapab chwazi ki anplwayè ki fè pati reklamasyon Asistans Reyanplwa w la. Tanpri reponn tout demann pou enfòmasyon yo pou asire pwosesis alè. 

Kouman pou mwen aplike pou benefis Asistans Reyanplwa?

Ou ka ranpli yon aplikasyon pou benefis Asistans Reyanplwa an pèsòn lè w vizite sant CareerSource lokal ou a oswa sou Entènèt nan FloridaJobs.org. Tanpri ale sou CareerSourceFlorida.com pou jwen ki kote ak enfòmasyon pou kontak yo. FloridaCommerce rekòmande pou rele pou konfime lè fonksyonman yo. Sistèm Enfòmasyon sou Reklamasyon ak Benefis Asistans Reyanplwa Florid, Reconnect, disponib 24 èdtan pa jou, 7 jou sou 7. Reconnect ofri aksè pou reklaman yo ka aplike, depoze yon reklamasyon, jere ak revize detay sou reklamasyon yo.

Apre mwen fin soumèt aplikasyon mwen an e yo resevwa l, èske map resevwa yon konfimasyon?

Apre yo fin resevwa aplikasyon pou benefis Asistans Reyanplwa w la epi yo fin trete l, wap resevwa korespondans yo atravè imèl oswa pa lapòs U.S. 

Èske benefis Asistans Reyanplwa retwoaktif nan jou mwen te pèdi travay mwen an? 

Non. Yon reklamasyon pou Asistans Reyanplwa vin anvigè Dimanch nan semèn ou ranpli aplikasyon Asistans Reyanplwa a.

Kilè m ap resevwa peman benefis mwen yo? 

Ou pwograme pou fè demann pou benefis chak de semèn. Lè w fin ranpli pwosesis sa a, sa pral soumèt demann pou peman w yo pandan semèn ou pap travay yo, menm lè reklamasyon w lan annatant pou revizyon. Li enpòtan pou w fè demann pou benefis ou yo nan 7 jou apre dat ou te fikse a, kèlkeswa sitiyasyon reklamasyon w lan. 

Kisa pou m fè yon fwa mwen fin ranpli aplikasyon mwen an?  

Ou oblije anrejistre ak Employ Florida. Lè w ap kreye (oswa mete ajou) pwofil Employ Florida w la, ou dwe bay yon adrès imèl ki valab, kreye oswa telechaje yon rezime, epi ranpli seksyon istwa pwofil ou a.
Pandan premye pwosesis reklamasyon w la, gen anpil revizyon yap fè sou kalifikasyon w pou benefis yo. Wap resevwa korespondans yo, daprè metòd korespondans ou te prefere a, pou tcheke bwat resepsyon kont Asistans Reyanplwa w la. Tanpri ranpli tout demann pou enfòmasyon yo pi vit posib.
Yo ka chwazi w epi pwograme w pou yon randevou obligatwa nan biwo CareerSource lokal ou a. Yo pral bay sèvis en-a-en pou ede w kreye yon plan reyanplwa. Yap voye avi randevou w la ba ou pa lapòs, kidonk, tanpri asire w adrès ou genyen sou kont Asistans Reyanplwa w la ak nan Employ Florida korèk. Si w pa patisipe nan randevou ki pwograme a, sa pral lakòz yon revizyon sou kalifikasyon w epi ki kapab retade oswa yo refize ba w benefis yo. 

Èske yo takse benefis Asistans Reyanplwa yo?

Wi, benefis Asistans Reyanplwa se yon revni taksab. Ou ka chwazi pou yo kenbe 10% chak semèn sou benefis ou yo nan kont Asistans Reyanplwa w la pou IRS lè w chwazi "Gade ak Mentni Enfòmasyon Kont yo," answit chwazi "Metòd Peman ak Opsyon pou Retni Taks". 

Fòm Taks  1099-G IRS pou Asistans Reyanplwa 

Èske benefis Asistans Reyanplwa taksab?

Benefis Asistans Reyanplwa yo se revni ki taksab. Lè w ap aplike pou Asistans Reyanplwa, ou ka chwazi pou yo retni 10% benefis chak semèn pou peye IRS. Epitou ou ka mete opsyon sa a ajou nan kont Asistans Reyanplwa w la anba seksyon "Gade ak Mentni Enfòmasyon sou Kont lan" lè w chwazi "Metòd Peman ak Opsyon pou Retni Taks."

Ki sa Fòmilè 1099-G a ye?

Fòmilè 1099-G ki rele, “Kèk Peman Gouvènman an Fè,” se yon fòmilè taks federal ke gouvènman federal, branch leta oswa gouvènman lokal yo prepare si yo te bay peman a reklaman pou benefis Asistans Reyanplwa.  Yo bay reklaman yo fòmilè sa a pou montre montan total yo te peye reklaman an pou konpansasyon chomaj pandan ane 2023 a.  Anplis de peman benefis total pou ane 2023 a, kantite ki rapòte nan Fòmilè 1099-G a enkli anbousman, kredi, oswa diferans nan enpo sou revni lokal oswa leta yon reklaman te resevwa, ansanm avèk enpo sou revni federal ke yo prelve sou benefis Asistans Reyanplwa reklaman an. 

Pou kisa mwen resevwa yon Fòmilè 1099-G?

FloridaCommerce distribye Fòmilè 1099-G a nan mwa janvye nan objektif pou w ka jwenn li pou ranpli taks ou. Si w te resevwa benefis Asistans Reyanplwa nan ane kalandriye 2023 a, w ap resevwa yon Fòmilè 1099-G. 1099-G a pral detaye kantite benefis ou te touche pandan yon ane espesifik ansanm ak tout kantite lajan yo te retni pou peye IRS. Fòmilè 1099-G yo ap disponib anvan 31 janvye pou ane fiskal anvan an. 

Kòman pou m jwenn yon kopi Fòmilè 1099-G mwen an?

Yon kopi elektwonik 1099-G w la ap disponib atravè kont Asistans Reyanplwa w la. Si w te chwazi lapòs "US" kòm opsyon korespondans ou prefere, yap voye yon kopi sou papye nan adrès Depatman an gen nan dosye li ki asosye ak kont ou a. Tout reklaman gen opsyon pou wè Fòmilè 1099-G yo nan bwat resepsyon kont Asistans Reyanplwa yo a, kèlkeswa metòd kominikasyon yo prefere a.

Kouman pou m jwenn yon kopi Fòm 1099-G mwen an pou ane fiskal sa a oswa yon ane fiskal anvan an? 

Ou ka resevwa yon kopi Fòm 1099-G w la plizyè fason:

  • Fason ki pi rapid pou resevwa kopi Fòm 1099-G w la se lè w chwazi "elektwonik" kòm metòd korèspondans ou prefere. Ou ka konekte sou kont Asistans Reyanplwa w la epi ale sou "1099-G Mwen" nan meni prensipal la pou ka wè Fòm 1099-G w yo pou senk dènye ane yo.
  • Si w te chwazi "Lapòs US" kòm metòd korespondans ou prefere, yap poste yon kopi Fòm 1099-G ba ou pa lapòs, pa pita ke 31 janvye, nan adrès Depatman an gen nan dosye a ki asosye avèk kont ou a. Li enpòtan pou adrès postal ou korèk e ajou nan Kont Asistans Reyanplwa w la tout tan. Si w gen yon reyacheminman pou kourye w yo, Sèvis Postal US la ap reyachemine fòm taks ou yo. Tout reklaman gen opsyon pou yo wè Fòm 1099-G yo nan Bwat resepsyon kont asistans Reyanplwa yo kèlkeswa metòd kominikasyon yo prefere a.
  • Pou mande yon kopi oswa yon fòm 1099-G amande, tanpri ale sou Sant Èd Asistans Reyanplwa a, lokalize "Dokiman Taks yo," epi chwazi opsyon ki pi byen dekri demann ou an. 

E si mwen pa dakò ak lis peman yo oswa mwen ta renmen chanje montan yo mete nan Fòmilè 1099-G mwen an?

Si w te resevwa yon Fòmilè 1099-G epi ou kwè ke li pa kòrèk epi/oswa ou te renmen chanje Fòmilè 1099-G ou te resevwa a, tanpri vizite Sant Èd Asistans Reyanplwa a, chèche “Dokiman Taks,” epi chwazi opsyon ki pi byen dekri demann ou an.

Pou kisa mwen resevwa yon Fòmilè 1099-G pou yon ane ke mwen pat fè demann pou benefis?

Reklaman yo ka resevwa Fòmilè 1099-G a lè dènye semèn benefis yo te touche a nan kòmans ane a. Pa egzanp, si w te resevwa peman benefis aprè premye janvye 2023, ou ka resevwa Fòmilè 1099-G a.  Nan lòt okazyon, Depatman an ka konplete yon jijman ki te annatant pou bay peman benefis pou Asistans Reyanplwa nan yon dat ki pi ta. Lè w revize “Istwa Peman” w yo sou kont Reconnect ou a, se fason ki pi fasil pou w wè rezon ki fè yo te voye Fòmilè 1099-G a ba ou.

Mwen gen difikilte pou louvri Fòmilè 1099-G an. Ki sa pou m fè?

Si w gen difikilte pou jwenn aksè nan Fòmilè 1099-G w la nan kont Asistans Reyanplwa ou a, tanpri itilize opsyon depanaj sa yo:

  • Verifye ke Adobe Acrobat Reader enstale sou òdinatè w la epi li ajou.
  • Deyaktive bagay ki bloke pop-up yo oswa firewalls ki nan navigatè w la. Fòmilè 1099-G a pral ouvri nan yon lòt fenèt nan navigatè òdinatè w la.
  • Asire ke ou glise desann ekran an jis anba lè dokiman PDF la ouvri. Dokiman sa a gen plizyè paj, ki enkli yon antèt lèt ak Fòmilè 1099-G a.

E si mwen resevwa yon Fòmilè 1099-G epi mwen pat fè reklamasyon pou Asistans Reyanplwa?

Si w resevwa yon Fòmilè 1099-G epi ou pat fè reklamasyon pou Asistans Reyanplwa, tanpri vizite Sant Èd Asistans Reyanplwa a, chèche opsyon pou “Rapòte VÒL IDANTITE/FWOD,” epi pral gen yon yon rapò ofisyèl kap soumèt  bay Depatman an. Pou plis enfòmasyon sou fwod Asistans Reyanplwa, tanpri al gade Kit Viktim Vòl Idantite Florid la ke Depatman an prepare.

Sistèm Enfòmasyon sou Reklamasyon ak Benefis Asistans Reyanplwa (Reconnect) 

Kisa Reconnect ye? 

Reconnect se sistèm pou reklamasyon Asistans Reyanplwa Florid la. Reconnect ofri aksè pou aplike, depoze, jere ak revize detay reklamasyon w yo.

Kouman mwen ka reyinisyalize PIN mwen an pou jwenn aksè nan kont Asistans Reyanplwa mwen an? 

Tanpri ale sou Sant Èd RA a pou jwenn èd pou reyinisyalize PIN ou. .

Mwen te resevwa yon erè teknik nan Reconnect. Kisa mwen dwe fè? 

Gen de bagay komen ki lakoz pwoblèm teknik nan Reconnect:

  • Ou ka bezwen netwaye kachèt ou a oswa istwa navigatè a. Ou ka fè sa nan paramèt navigatè entènèt ou a.
  • Reconnect pa konpatib avèk aparèy mobil. Reconnect te fèt pou òdinatè dèstòp.
  • Reconnect pi konpatib avèk Internet Explorer, men li fonksyone tou avèk lòt navigatè entènèt. 

Mwen te konn gen avi yo nan bwat resepsyon mwen an. Pou kisa mwen pa wè anyen nan bwat resepsyon mwen an? 

Apre w fin revize yon enfòmasyon nan bwat resepsyon w lan, li al kache pou fè plas pou nouvo notifikasyon. Ou ka itilize fonksyon rechèch ki nan bwat resepsyon an pou rale korespondans ou te deja wè yo. Si w vle tout bagay parèt, chwazi bouton "Rechèch" la san w pa antre okenn enfòmasyon nan esepas rechèch la. Tout korespondans yo ap parèt nan bwat resepsyon w lan.

Mwen gen pwoblèm pou louvri bagay nan bwat resepsyon Reconnect mwen an. Kouman mwen ka jwenn aksè nan dokiman sa yo?  

Tanpri verifye bagay sa yo paske yo se pwoblèm komen ki gen rapò ak lè wap ouvè yon korespondans: 

  • Verifye pou wè si Adobe Acrobat Reader enstale nan òdinatè w la epi si li ajou.
  • Wap itilize yon òdinatè, pa itilize yon aparèy mobil tankou yon telefòn selilè oswa yon tablèt.
  • Asire w ke w itilize yon navigatè ki konpatib. 
  • Dezaktive tout blokè pop-up ki ka anpeche dokiman PDF yo louvri.

Kouman pou m chanje kalite kominikasyon mwen resevwa yo? 

Apre w fin antre nan Reconnect:

  1. Chwazi "Gade ak Mentni Enfòmasyon" nan meni prensipal la.
  2. Chwazi "Enfòmasyon pou Kontakte."
  3. Chwazi "Modifye."
  4. Chwazi nouvo metòd korespondans ou prefere a.
  5. Asire w ke tout enfòmasyon kontak ou yo ajou.
  6. Chwazi "Soumèt." 

Mwen pa ka antre youn nan patwon mwen yo nan aplikasyon Reconnect la, kisa pou m fè? 

Tanpri verifye erè komen sa yo. Asire w ke:

  • Pa gen okenn erè nan dat kòmansman an ak dat finisman an.
  • Dat finisman travay la se pandan oswa apre peryòd debaz ki endike nan sistèm Asistans Reyanplwa a.
  • Travay la pa deja sou reklamasyon w lan. Ou ka sèvi ak bouton "Anvan" an pou retounen ak reverifye.
  • Li mesaj erè ou resevwa a avèk anpil atansyon paske sa ap ede nou korije erè a. Si pwoblèm nan kontinye, tanpri kontakte depatman an nan 1-833-FL-APPLY (1-833-352-7759) pou asistans. 

Èske m ap touche pou semèn datant mwen an? Èske mwen oblije rete tann pou semèn datant lan chak fwa mwen reyaktive reklamasyon mwen an?

Yo pap peye w pou semèn datant lan. Wap rete tann sèlman pou yon semèn datant pou chak ane reklamasyon benefis.

Ki enfòmasyon ki nesesè pou yon rechèche travay ki valab? 

Pou chak travay ou chèche, detay sa yo obligatwa:

  • Dat ou te kontakte travay la.
  • Metòd ou te itilize pou kontakte yo (an pèsòn, sou entènèt, faks, telefòn, elatriye).
  • Non, nimewo telefòn, ak adrès konplè, ak sit entènèt oswa imèl biznis lan.
  • Rezilta rechèch ou yo.
  • Kalite travay wap chèche a. 

Konbyen travay mwen dwe chèche pou m bay depatman an pou chak semèn benefis? 

Ou oblije chèche senk travay pa semèn. A leksepsyon ak egzanpsyon sa yo:

  • Si w abite nan yon komin ki pa gen anpil moun, ou oblije chèche twa travay pou soumèt chak semèn.
  • Si w se yon manm sendika, ou an règ avèk yo epi rete an kontak regilye avèk sendika w la.
  • Si w nan yon ranvwa tanporè epi w gen pou retounen travay pou menm patwon an nan lespas 8 semèn, ou pa oblije chèche travay.
  • Si w fè pati yon pwogram fòmasyon apwouve, ou pa oblije chèche travay.
  • Si w kalifye pou youn nan egzanpsyon sa yo epi w toujou ap resevwa yon demann pou enfòmasyon konplè sou rechèch travay, tanpri kontakte nou nan 1-833-FL-APPLY (1-833-352-7759) pou jwenn asistans. 

Mwen pa te kapab reklame semèn mwen yo paske mwen pat ka antre nan Reconnect. Èske m ap pèdi benefis mwen yo pou semèn sa a? 

Si w rate opòtinite pou fè demann pou benefis Asistans Reyanplwa,alò, ou ka vizite Sant Èd Asistans Reyanplwa a pou mande pou yo rann disponib semèn ou te rate yo. Nan Sant Èd Asistans Reyanplwa a, chwazi "Mwen se yon Reklaman", answit "Asistans pou Peman Benefis," epi chwazi opsyon ki pi byen dekri pwoblèm ou an.

Resevwa Peman Benefis Asistans Reyanplwa

Konbyen fwa map resevwa peman benefis Asistans Reyanplwa? 

Asistans Reyanplwa peye chak de semèn.

Kouman map resevwa benefis yo yon fwa aplikasyon pou Asistans Reyanplwa mwen an fin trete?

Floridyen yo gen de (2) opsyon pou resevwa benefis pandan pwosesis aplikasyon an.

  1. Depo Dirèk: Pwosesis sa a ka pran 1-2 jou ouvrab pou reflete sou kont labank ou apre yo fin trete aplikasyon w lan.
  2. Kat Debi Way2Go: Kat debit yo poste apre yo fin trete premye peman an epi yo ka pran 7-10 jou ouvrab pou w resevwa yo pa lapòs.

Kilè map resevwa kat debit mwen an?

Yap voye kat debit Way2Go a pa lapòs apre yo fin fè premye peman sou reklamasyon w lan atravè kat debit la. Si yo te deja ba w yon kat debit, li valab pou twazan apati premye  dat  yo te emèt li an. Kat ou te gen anvan an ap resevwa tout peman ki depoze sou reklamasyon aktyèl ou a. Si w pèdi kat debit ou te gen anvan an epi/oswa ou poko resevwa kat debit ou a 10 jou ouvrab apre premye peman w la, tanpri kontakte founisè kat nou an nan: Etazini: 1-833-888-2780 Entènasyonal: 1-210-334-6615 (Sa enkli Puerto Rico. Liy sa a pa gratis.)

Pou kisa mwen gen yon balans negatif sou kat debit mwen an? 

Founisè kat debit la gen sèten frè ki asosye ak kat la. Sa enkli yon kantite fwa limite ou ka rele liy telefòn yo chak mwa. Tanpri revize enfòmasyon ki founi ansanm avèk kat ou a pou plis detay sou frè sa yo. Kat nou an ofri lòt metòd pou tcheke balans ou tankou notifikasyon SMS (mesaj tèks), tcheke nan ATM apwouve, ak yon pòtay entènèt pou wè enfòmasyon sou balans ou. Tanpri ale sou www.goprogram.com pou plis enfòmasyon.

Ki dire ak kantite maksimòm benefis mwen ka resevwa?

Dire benefis Florid yo ajiste selon pousantaj chomaj eta a, men montan maksimòm benefis yo rete menm jan an.

Maksimòm Reklamasyon pou ane 2024: 12 semèn

  • Montan Benefis chak Semè (WBA): $275
  • Montan Benefis Maksimòm (MBA): $3300

Maksimòm Reklamasyon pou 2023: 12 semèn

  • Montan Benefis chak Semèn (WBA): $275
  • Montan Benefis Maksimòm (MBA): $3300

Kouman yo kalkile benefis mwen yo? 

Me kouman yo kalkile Benefis ou yo:

  • Salè yo itilize pou detèmine montan benefis ou yo se premye kat nan senk dènye trimès kalandriye yo.
  • Pou reklamasyon yo depoze apati 1ye avril 2024, itilize salè ou touche ant 1ye janvye 2023 jiska 31 desanm 2023.
  • Yon fwa nou gen salè yo nan dosye a, nou verifye enfòmasyon sa yo pou detèmine si ou kalifye pou benefis yo:
    • $3,400 minimòm salè brit pandan peryòd debaz la.
    • Ou dwe genyen yon minimòm de yonka nan salè ki garanti yo.
    • Salè total peryòd debaz la dwe plis pase 1.5 fwa salè ki pi gwo a.
  • Yon fwa nou fin verifye bagay sa yo, dènye etap yo senp:
    • Montan Benefis chak Semèn (WBA) nan se pi gwo trimès la divize pa 26 oswa montan $275 chak semèn nan, kèlkeswa sa ki pi piti a.
    • Montan Benefis Maksimòm (MBA).
  • MBA se salè total peryòd debaz la divize pa 4 OSWA maksimòm anyèl la, kèlkeswa sa ki pi piti a. 

Mwen pa wè patwon mwen sou detèminasyon monetè mwen. Pou kisa? 

Sa kapab rive akòz plizyè faktè:

  • Li posib paske travay ou a pat pandan peryòd debaz ke yap revize a.
  • Travay ou a ak salè w la gendwa pa te yon salè garanti daprè Asistans Reyanplwa.
  • Li posib yo te mal rapòte salè ou te genyen an oswa yo te rapòte l an reta.
  • Gen de etap rapid pou verifye pwoblèm komen:
    • Verifye ke travay ki manke a se pandan peryòd debaz yap revize a.
    • Verifye enfòmasyon w yo (espesyalman nimewo Sekirite Sosyal ou) kòrèk sou tout fòm taks yo.

Si w jwenn yon erè oswa si w toujou gen enkyetid konsènan salè w ki manke, ou ka soumèt yon demann pou rekonsiderasyon monetè swivan enstriksyon ki sou detèminasyon monetè w la. Demann sa a dwe fèt nan lespas 20 jou apre dat detèminasyon monetè an.

Mwen wè ke mwen gen benefis ki disponib sou yon ansyen reklamasyon, èske mwen ka resevwa lajan sa a? 

Yon fwa reklamasyon an fin pase dat ekspirasyon li, lajan an pap disponib ankò, epi ou dwe depoze yon nouvo reklamasyon. 

Apèl  pou Asistans Reyanplwa

E si mwen pa dakò ak detèminasyon benefis Asistans Reyanplwa mwen an? 

Ou gen opsyon pou mande yon apèl nan 20 jou kalandriye apre dat distribisyon detèminasyon an. Ou ka depoze yon apèl nan kont Asistans Reyanplwa w la, pa lapòs oswa nan Sant Èd Asistans Reyanplwa a lè w chwazi "Mwen se yon Reklaman," epi apre sa chwazi "Asistans pou Apèl." 

Èske mwen ka soumèt yon demann apèl tadif? 

Ou ka soumèt yon demann dapèl tadif nan kont Asistans Reyanplwa, pa lapòs oswa nan Sant Èd Asistans Reyanplwa a lè w chwazi "Mwen se yon Reklaman," answit chwazi "Asistans pou Apèl."

Florida Department of Commerce
Office of Appeals
P.O. Drawer 5250
Tallahassee, FL 32399-5250

Èske mwen ta dwe kontinye fè demann pou peman benefis pandan m ap tann odyans apèl mwen an? 

Wi, ou ta dwe kontinye fè demann pou peman benefis si w toujou pap travay.

Abitraj

Ki pwosesis abitraj la? 

Depatman an pral revize detay ki antoure yon zafè pou detèmine kalifikasyon w pou benefis. Patisipan ki enplike yo pral resevwa yon rekèt enfòmasyon pou mande enfòmasyon ki nesesè pou pran yon detèminasyon. Yon abit ka kontakte w oswa yon anplwayè pou klarifye tout detay anvan yo pran yon detèminasyon an. Kontak sa a kapab pa telefòn, imèl, oswa atravè Bwat Resepsyon Reconnect ou a.

Konbyen tan pwosesis abitraj la dire? 

Peryòd tan li pran an varye selon plizyè faktè, enkli pwofondè zafè yap revize a. 

Mwen te resevwa detèminasyon ki di mwen kalifye, pou kisa yo poko peye m? 

Yo revize chak zafè separeman. Menm lè w resevwa yon detèminasyon ki di w kalifye, ou ka toujou gen lòt zafè ki annatant ki poko fin revize oswa lòt zafè ki di w pa kalifye. 

Mwen pa dakò ak desizyon mwen an, kisa m ta dwe fè? 

Ou gen dwa depoze yon apèl kont detèminasyon an si w pa dakò ak "Rezonman ak Konklizyon" detèminasyon an. 

Peman Anplis pou Asistans Reyanplwa

Kouman yon peman anplis rive? e si mwen resevwa yon peman anplis, kouman m pral konnen?

Ou gen posiblite pou w ranbouse yon peman anplis nan plizyè fason. Opsyon sa yo nan lis ki anba a:

  • Peman an Chèk  – Tanpri poste yon chèk nan adrès ki anba a. Tanpri adrese chèk la bay Unemployment Compensation Trust Fund epi bay nimewo idantite reklamasyon w la nan liy memo a.

Florida Department of Commerce
Benefit Payment Control
P.O. Drawer 5050
Tallahassee, FL 32314-5050

Mwen te resevwa yon avi koleksyon; èske mwen dwe peye li ba ou oswa peye li bay ajans koleksyon an? 

Ou dwe peye ajans koleksyon an. 

Mete fen nan Reklamasyon Asistans Reyanplwa yo

Ki lè yon reklamasyon ap pran fin? 

Yon reklamasyon ap ekspire apre 365 jou. Peman yo fini lè balans lan fini oswa dat finisman a pase. 

Mwen te retounen travay. Kouman pou mwen fèmen/anile reklamasyon mwen an? 

Felisitasyon pou nouvo travay ou a! Ou ka kontinye fè demann pou benefis chak semèn  jiska semèn ou kòmanse travay la. Lè w fè demann pou semèn ki sipèpoze semèn ou kòmanse travay la, tanpri endike ke w te travay ak touche lajan pandan semèn nan. Si w swete travay atanplen epi/oswa ou touche plis pase $275 nan salè brit pandan semèn sipèpoze a, ou pa bezwen mande benefis pou semèn sa a.

Reklamasyon mwen an te fin epwize tout lajan an, kisa pou m fè kounye a? 

Pa gen okenn lajan adisyonèl ki disponib lè reklamasyon w lan rive nan balans $0. Mesaj ki sou “Paj Dakèy Reklaman an” w lan nan kont Asistans Reyanplwa w la pral bay dat ki pi bonè ou kapab ranpli yon nouvo reklamasyon pou benefis.

Èske ou gen ekstansyon ki disponib? 

Pa gen pwogram ekstansyon ki disponib. Pou lòt pwogram gouvènman ki ofri èd, tanpri ale sou www.benefits.gov  

Fwod ak Vòl Idantite 

Ki kote m ka rapòte vòl idantite oswa fwod? 

Si oumenm oswa yon moun ou konnen, se yon viktim vòl idantite, tanpri vizite Sant Èd Asistans Reyanplwa a pou avèti FloridaCommerce. Nan Sant Èd Asistans Reyanplwa a ou ta dwe chwazi “Rapòte vòl idantite/fwod,” epi suiv enstriksyon yo pou w konplete rapò a. 

Ki jan mwen ka pwoteje tèt mwen pou pa vin yon viktim vòl idantite? 

Gen plizyè fason ou ka pwoteje tèt ou pou w pa vin viktim Vòl Idantite. Tanpri revize Kit Viktim Vòl Idantite Florid la pou jwenn resous sou fason pou pwoteje tèt ou anvan oswa apre ou vin viktim vòl idantite.


An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to Florida Commerce.
OK
 
Cancel