-
Kisa DUA?
Asistans Chomaj Dezas (DUA) ekziste pou ofri benefis Asistans Reyanplwa (RA) ak sèvis reyanplwa bay moun ki te pèdi travay yo akoz yon dezas majè epi ki pa kalifye pou benefis Asistans Reyanplwa regilye eta a. Pwogram lan kouvri moun kap travay avèk tèt yo ak pwopriyetè ak travayè nan jaden ak ranch, ansanm avèk pechè pwason ak lòt moun ki pa nòmalman kouvri anba Benefis Asistans Reyanplwa yo.
-
Kisa ou bezwen pou aktive DUA a?
Yon deklarasyon ofisyèl Prezidan Etazini an siyen pou deklare yon dezas majè.
Depi Prezidan an fin siyen deklarasyon ofisyèl la, DEO dwe pibliye yon anons ofisyèl konsènan pwogram ki disponib yo.
-
Pwen Santral
Reklaman yo dwe ranpli demann pou DUA yo nan 30 jou anons ofisyèl DEO.
Benefis DUA yo disponib pou jiska 26 semèn pou moun ki ranpli kondisyon yo.
Reklaman ki kalifye pou RA regilye dwe fin itilize tout benefis yo anvan yo ka fè yon demann pou DUA nan Peryòd Asistans Dezas la.
-
Elijibilite
Moun ki monetèman pa elijib pou RA oswa ki fin itilize tout benefis regilye yo.
Moun kap viv oswa kap travay nan kontre kote yo deklare ke dezas la afekte.
Moun ki vin pap travay akoz rezilta dirèk dezas la oswa ki pa kapab rive nan etablisman travay yo akòz dezas la.
Moun ki pa ka travay poutèt yon frakti/blesi akoz konsekans dezas la.
Moun ki te pwograme pou kòmanse travay epi ki pa gen travay oswa ki pa kapab rive nan etablisman travay la akoz rezilta dirèk dezas la.
-
Kilè mwen ka aplike?
Aprè Prezidan an fin bay deklarasyon dezas la ak anons DEO a. Tout moun ki kalifye gen 30 jou apati de dat anons lan pou prezante demann yo pou Asistans Chomaj Dezas.
-
Kòman mwen ka aplike?
Depi ke Asistans Chomaj Dezas la fin deklare ak disponib, lè wap aplike pou benefis Asistans Reyanplwa nòmal la, yap kesyone w sou enpak potansyèl katastwòf resan fè
sou ou. Apre ou fin konplete aplikasyon pou benefis ou a, yo pral pèmèt ou ranpli yon reklamasyon pou Asistans Chomaj Dezas atravè meni prensipal sou kont CONNECT ou a. Ou ka rele pou aplike tou nan 1-833-352-7759 soti nan Lendi jiska Vandredi de 7:30 AM jiska 6:30 PM EST ak Samdi ak Dimanch 8 AM a 5 PM
Pou plis enfòmasyon ak anons sou Pwogram DUA, vizite http://www.floridajobs.org/kreyol/sant-avantaj-konpansasyon-pou-reyanbochaj/enfòmasyon-jeneral/anons
Asistans rekiperasyon nan ka dezas disponib san distenksyon ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang Anglè oswa sitiyasyon ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen ta va sibi diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.
-
Kiyès ki ka aplike?
Moun ki:
Te travay oswa kap viv nan yon kontre ki ofisyèlman deklare sibi dezas; epi ki te vin pap travay akoz rezilta dirèk yon dezas deklare; oswa
Ki pat kapab rive nan andwa travay li akoz rezilta dirèk dezas la; oswa
Ki te pwograme pou kòmanse travay epi ki pap travay oswa ki pa kapab rive nan andwa travay la akoz rezilta dirèk dezas la; oswa
Te devni sipò majè pou yon fanmi paske tèt fanmi lan te mouri akoz rezilta dirèk dezas la; oswa
Pa ka travay poutèt yon frakti/blesi ke dezas la dirèkteman koze.
Enfòmasyon nesesè lè wap aplike:
Nimewo Sekirite Sosyal (SSN).
Nimewo anrejistreman etranje ak dat ekspirasyon (si se pa yon sitwayen Ameriken).
Non ak adrès patwon ki pi resan yo (patwon ou separe avèk yo a, akoz dezas la).
Non ak adrès patwon yo, kote ou te pwograme pou kòmanse travay men ou pa kapab ale akòz dezas la ak dat ou ta pral kòmanse travay pou patwon sa (yo).
Si ou travay ak tèt ou, ou dwe bay prèv sou travay ki te dirèkteman afekte nan dezas la, san oubliye:
Taks eta oswa federal
Deklarasyon finansye
Relve Bankè oswa Fòm 1099
-
Èske yap peye DUA kòm yon siplemantè a Reyanplwa?
DUA pa yon siplemantè a konpansasyon reyanplwa pou menm semèn chomaj, ni li pa peyab pou okenn peryòd konpansasyon reyanplwa pou semèn rete tann ki obligatwa daprè lwa Florid. Pou kalifye pou DUA, moun nan dwe pap travay oswa pasyèl pap travay nan anplwa kontinye li a oswa travay pou tèt li a kòm rezilta dirèk dezas majè a oswa li anpeche pou kòmanse yon anplwa oswa travay ak tèt li.
-
Ki sa ki defini yon travayè ki pap travay nan referans DUA?
Daprè DUA, yon travayè ki pap travay se youn ki tap travay oswa ki pwograme pou al kòmanse travay nan zòn dezas majè a nan moman katastwòf la epi sous revni prensipal li ak mwayen pou l viv depann de travay ke li fè.
-
Kilè mwen pap elijib ankò pou DUA?
Yon moun ap sispann elijib pou DUA lè chomaj pasyèl oswa total la pa koz dezas majè a ankò, oswa lè li konplètman rekomanse sèvis òdinè li nan travay ak tèt li oswa li otreman pa pasyèlman oswa pa totalman nan chomaj ankò.
-
Kondisyon pou moun kap travay ak tèt yo kapab kalifye:
Pou nenpòt moun kap travay ak tèt li ka etabli elijiblite pou DUA konplè ou byen pasyèl, eta a dwe detèmine ke:
Moun nan, akoz rezilta dirèk dezas la, gen yon semèn total oswa pasyèl nan chomaj jan sa defini nan 20 CFR 625.2(w)(2); ak
Chomaj moun nan se yon rezilta dirèk dezas la, patikilyèman, akòz yon mank travay oswa pèt revni kote moun nan oswa biznis lan resevwa majorite revni li oswa revni ki soti nan yon antite ki nan zòn dezas majè a jan sa tabli nan 20 CFR 625.5(c).
-
Kapasite ak disponibilite pou travay:
Yon aplikan dwe kapab ak disponib pou travay daprè kondisyon lalwa ki an vigè nan eta a, men si enkapasite aplikan an se rezilta yon frakti/blesi ke dezas majè a te koze, aplikan an pral konsidere kòm moun ki ranpli kondisyon sa a.