Biwo pou Dwa Sivil yo (Office for Civil Rights) mennen envestigasyon sou tout plent poutèt diskriminasyon ke yo anrejistre avèk Depatman an. Pami plent sa yo, genyen diskriminasyon yo pretann ki fèt ki gen rapò avèk travay e ke anplwaye Depatman an anrejistre ansanm avèk plent poutèt diskriminasyon ke moun kap chèche oswa kap resevwa sèvis ki fè patide pwogram federal oswa pwogram leta ke Depatman an administre, anrejistre.

Plent poutèt diskriminasyon yo pretann ki rive e ke yo anrejistre selon Lwa sou Envestisman Mendèv la (Workforce Investment Act, WIA) fèt pou anrejistre avèk Biwo pou Dwa Sivil Depatman an. Se pou yo anrejistre plent sa yo sou 180 jou kalandriye apatide lè swadizan zak diskriminasyon an te rive, amwenske Sant Dwa Sivil nan Depatman Travay Ameriken (U.S. Department of Labor Civil Rights Center) pwolonje delè pou anrejistre a akòz yon rezon valab.

Pou plent ki pa gen rapò avèk WIA, se pou w anrejistre plent poutèt diskriminasyon yo avèk ajans leta oswa ajans federal ki apwopriye a e ki gen jiridiksyon sou plent lan, si w ta renmen konsève dwa ou genyen pou chèche kèlkeswa konpansasyon selon pwovizyon ki nan Lwa sou Dwa Sivil nan Florida oswa lwa federal konsènan opòtinite egal nan travay.

Lè yon moun anrejistre yon plent avèk Biwo pou Dwa Sivil yo (Office for Civil Rights), sa  pa pwolonje delè pou anrejistre menm plent sa a avèk yon lòt ajans.

Komisyon sou Opòtinite Egal nan Travay (Equal Employment Opportunity Commission) envestige vyolasyon yo pretann ki fèt nan lwa federal konsènan opòtinite egal nan travay. Lè yo fin mennen envestigasyon an, EEOC a pral soumèt yon desizyon ki endike si gen yon rezon valab pou kwè te gen yon diskriminasyon ki te fèt.

Komisyon Florida sou Relasyon Imèn (Florida Commission on Human Relations) envestige vyolasyon yo pretann ki fèt nan Lwa sou Dwa Sivil nan Florida ak lwa federal konsènan opòtinite egal nan travay konfòmeman avèk yon akò avèk Komisyon sou Opòtinite Egal nan Travay (Equal Employment Opportunity Commission). Lè yo fin mennen envestigasyon an, Komisyon Florida sou Relasyon Imèn nan pral soumèt yon desizyon ki endike si gen rezon valab pou kwè te gen pratik diskriminasyon ki te fèt.

Èske jiskaprezan ou pa fin si ki kote pou anrejistre, oswa kisa delè pou anrejistre a ye? Tanpri Kontakte nou.


An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to Florida Commerce.
OK
 
Cancel