Pou ka kalifye pou avantaj yo, ou fèt pou:
- Te pèdi djòb ou san se pa t fòt ou.
- Toujou ap chèche yon nouvo djòb.
- Pare pou pran yon nouvo djòb lè yo ofri ou youn.
- Satisfè kondisyon salè ki baze sou djòb ou t ap fè anvan an (yo).
Ou dwe fè tout demann konpansasyon pou chomaj sou Entènèt nan Sistèm Florid pou Aplike pou Demann nan Entènèt (FLUID). Si ou pa gen aksè nan entènèt, gen òdinatè piblik ki disponib nan One-Stop Career Center zòn ou ak nan bibliyotèk piblik zòn ou tou, sant kominotè ak kolèj ak inivèsite (si ou se yon etidyan).
Remak: Ou ka pa an mezi pou ranpli yon aplikasyon pou Reklamasyon Entènèt LaFlorid atravè Sistèm Entènèt pou Depoze Reklamasyon Florid nan itilize kèk aparèy elektronik pòtatif. Sa enkli, men pa limite a asistan dijital pèsonèl (PDA), telefòn entelijan, telefòn selilè, aparèy sèvis kominikasyon pèsonèl (PCS), aparèy san fil miltifonksyonèl, aparèy mesajri, elatriye.
Moun ki fè demann konpansasyon pou chomaj la fèt pou ranpli Premye Revizyon Kalifikasyon lè li fè yon demann, epitou li dwe pwouve li toujou ap chèche travay pandan l ap resevwa avantaj yo. Moun ki fè demann yo ki pa pran responsablite yo lè yo bay fo enfòmasyon, oswa lè yo kache enfòmasyon sou salè yo kapab jwenn akizasyon kòm moun ki fè fwod nan konpansasyon pou chomaj, yon krim twazyèm degre. Konpansasyon pou Chomaj annijans.
Konpansasyon pou Chomaj annijans (EUC) se yon pwolongasyon federal apre ou fin jwenn avantaj konpansasyon pou chomaj nan Eta Florid.
Jwenn anons enpòtan konsènan pwogram Konpansasyon pou Chomaj nan Eta Florid.
Aprann kichòy sou lòt pwogram konpansasyon pou chomaj yo ofri nan eta Florid, tankou Asistans pou Chomaj akòz Katastwòf, pwogram Alokasyon pou Re-ajisteman Komèsyal ak Pwogram Konpansasyon pou yon Tan Kout.