Kisa Fwod nan Konpansasyon pou Chomaj ye?
Fwod nan konpansasyon pou chomaj se yon krim twazyèm degre.
Kijan moun fè fwod la?
- Lè ou fè fo deklarasyon ki ka chanje oswa ogmante avantaj yo, oswa
- Lè ou pa bay enfòmasyon ki ka chanje oswa ogmante avantaj yo, oswa
- Lè ou pa ale nan travay pou kapab jwenn oswa ogmante avantaj yo, oswa
- Lè ou pa rapòte salè ou pou kapab jwenn oswa ogmante avantaj yo.
Kisa k ap pase si mwen fè fwod?
Si ou fè fwod nan konpansasyon pou chomaj, ou ka:
- Ale nan prizon pou jiska senk (5) ane pou chak krim, AK
- Peye yon amann jiska $5,000 pou chak krim, AK
- Pèdi fiti avantaj pou chomaj, EPI
- Remèt tout avantaj ou pa t gen dwa pou jwenn yo.
Kijan mwen kapab evite fè fwod?
1. Rapòte tout salè ou
- Lwa federal ak lwa eta a egzije pou rapòte tout salè ou anvan yo fè dediksyon ladan yo, tankou salè ou touche nan travay endepandan ou, pandan w ap fè demann avantaj konpansasyon pou chomaj.
- Ou fèt pou rapòte TOUT salè ou reyalize nan semèn ki nan mitan dimanch ak samdi, menmsi ou poko touche yo.
2. Rapòte tout travay ou t ap fè
- Lwa federal ak lwa eta a egzije pou ou rapòte tout travay, tankou travay endepandan, pandan w ap fè demann avantaj konpansasyon pou chomaj.
- Ou fèt pou rapòte TOUT salè ou reyalize nan semèn ki nan mitan yon dimanch ak lòt dimanch lan, menmsi ou poko touche yo.
Kijan pou mwen rapòte salè mwen yo kòrèkteman?
- Konsève kantite total èdtan ou travay pou chak semèn almannak, dimanch jiska samdi.
- Salè pa èdtan ou miltipliye pa kantite total èdtan ou travay egal a salè anvan dediksyon ou, ki reprezante kantite lajan ou fèt pou rapòte a.
- Ou fèt pou rapòte TOUT salè ou pou semèn ou fè nan travay la, pa pou semèn ou touche a.