Etap pou Fè yon Demann Konpansasyon pou Chomaj

  1. Aplike sou Entènèt - Fè demann konpansasyon ou pou chomaj sou entènèt nan Sistèm Florid pou Aplike pou Demann nan Entènèt (FLUID). Pwosesis sa a ta dwe pran apeprè ant 30 ak 60 minit. Ou fèt pou ranpli aplikasyon ou nan 72 èdtan, epi anvan samdi minwi, Fizo Orè Lès, sinon w ap pèdi enfòmasyon ou yo, epitou ou dwe rekòmanse aplikasyon FLUID la.
  2. Remak: Ou ka pa an mezi pou ranpli yon aplikasyon pou Reklamasyon Entènèt LaFlorid atravè Sistèm Entènèt pou Depoze Reklamasyon Florid nan itilize kèk aparèy elektronik pòtatif. Sa enkli, men pa limite a asistan dijital pèsonèl (PDA), telefòn entelijan, telefòn selilè, aparèy sèvis kominikasyon pèsonèl (PCS), aparèy san fil miltifonksyonèl, aparèy mesajri, elatriye.
  3. Resevwa Konfimasyon - Apre ou fin fè demann ou, w ap resevwa yon konfimasyon ki endike nou resevwa demann ou, epitou w ap resevwa enstriksyon pou Premye Revizyon Kalifikasyon yo. Si yo apwouve demann ou, avantaj ou yo ap kòmanse nan jou ou ranpli aplikasyon ou. Anjeneral, li pran twa (3) a kat (4) semèn pou resevwa premye peman ou. Wè enstriksyon pou jwenn reklamasyon & enfòmasyon sou peman.
  4. Fè Premye Revizyon Kalifikasyon ou - Ou dwe fè yon premye revizyon kalifikasyon ou sou entènèt nan matyè sa yo: Matematik Aplike, Lekti pou Enfòmasyon ak Lokalizasyon Enfòmasyon. Si ou pa kapab fè yon revizyon akòz analfabetis, oswa paske ou pale yon lang ki diferan ak lang Angle oswa Panyòl, y ap voye ou nan One-Stop Career Center zòn ou pou jwenn èd. One-Stop Career Center zòn ou ap itilize rezilta revizyon an pou ede ou nan efò w ap fè pou chèche djòb. Wè enstriksyon pou Enskripsyon inisyal la Ladrès pou revizyon.
  5. Fè Demann Semèn Ou yo epi Soumèt Enfòmasyon Rechèch Travay ou sou Entènèt - Apre ou fin fè premye demann ou (pa apre ou fin resevwa premye peman ou), w ap bezwen "Mande Semèn Ou yo." Ou ta dwe kontinye mande semèn ou yo chak de (2) semèn jouk lè ou jwenn travay, oswa jouk lè demann ou fini. Sistèm nan disponib lendi jiska samdi, ant 6:30 a.m. ak 8:00 p.m., Fizo Orè Lès, ak jou dimanch ant 6:30 a.m. ak 6:00 p.m. Fizo Orè Lès. Ou kapab prepare oswa chanje metòd peman ou tou, kreye oswa chanje PIN ou, epitou jwenn dènye enfòmasyon espesifik sou demann ou. Epitou, w ap bezwen sètifye chak de (2) semèn pandan w ap chèche yon nouvo djòb. Ou fèt pou soumèt omwen senk (5) kontak rechèch travay (patwon posib), oswa ou fèt pou rankontre avèk yon reprezantan nan One-Stop Career Center zòn ou pou sèvis re-anbochaj pandan chak semèn ou p ap travay la. Èd pou chèche djòb disponib nan One-Stop Career Center zòn ou ak sou entènèt nan Employ Florida Marketplace. Wè Ansèyman pou Chèche Travay.

Konsèy Itil

  • Gen Enfòmasyon yo Pare - Lè w ap fè yon demann, ou fèt pou gen disponib ansyen enfòmasyon sou djòb ou te fè. Enfòmasyon sa yo gen ladan dat ou te travay, non konpayi kote ou t ap travay la, ak rezon ki lakòz ou pa nan travay la ankò.
  • Li Liv Reklamasyon yo - Pou jwenn plis enfòmasyon detaye sou fason pou fè pwosesis demann konpansasyon pou chomaj la ak sa pou espere nan pwosesis la, tanpri revize Liv Demann Konpansasyon pou Chomaj.
  • Li Tiliv Enfòmasyon sou Dwa pou Avantaj yo - Ou ta dwe konprann dwa ak responsablite ou genyen kòm yon moun ki fè yon demann konpansasyon pou chomaj nan eta Florid. Revize tiliv Enfòmasyon sou Dwa pou Avantaj yo.
  • Li " 10 Premye Bagay Ou Ta Dwe Konnen"   - 10 Premye bagay ou ta Dde konnen konsènan asirans chomaj lè w'ap depoze raklamasyon ou.
  • Li feyè "Kisa Fwod Asirans Chomaj ye?"
  • Aplike pou Pwogram Kat Debi - Resevwa peman avantaj ou pi vit nan pwogram Kat Debi a.
An equal opportunity employer/program.  Auxiliary aids and services are available upon request to individuals with disabilities.
All voice telephone numbers on this website may be reached by persons using TTY/TDD equipment via the Florida Relay Service at 711.
You have selected a link to a website that is outside of the floridajobs.org domain. Control of the content of this website belongs to the website's owner and not to the Department of Economic Opportunity.
OK
 
Cancel